Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Timote 3:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Li dwe gen bon repitasyon avèk sila ki deyò legliz yo, pou li pa tonbe nan repwòch ak pèlen Satan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Fòk menm moun deyò pale byen pou li dekwa pou yo pa pase li nan betiz epi pou li pa tonbe anba pèlen satan.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Fòk moun ki pa kretyen yo bay bon temwanyaj pou li. Lè sa a, pèsòn p ap pale l mal epi konsa, li p ap tonbe nan pyèj satan mete pou li.

Gade chapit la Kopi




1 Timote 3:7
21 Referans Kwoze  

Li te di yo: “A nou menm te gen tan bay mistè a wayòm Bondye a; men sila ki rete deyò yo, ap resevwa tout bagay an parabòl.


Yo te di: “Corneille, yon sòlda santenye, yon nonm dwat e ki krent Bondye, e ki byen pale pa tout nasyon Jwif la, te dirije pa yon zanj pou voye kote ou pou vini lakay li pou tande yon mesaj de ou menm.”


“Yon sèten Ananias, yon mesye fidèl pa règ Lalwa a, e byen pale pa tout Jwif ki te rete la yo


Konsa, frè yo, chwazi pami nou sèt mesye ak bon jan repitasyon ranpli ak Lespri a e ak sajès, pou nou kapab mete an chaj tach sila a.


Pa ofanse ni Jwif, ni Grèk, ni legliz Bondye a.


Paske kisa mwen gen pou fè nan jije moun deyò yo? Èske se pa sila anndan legliz yo pou nou jije?


Konsa,Nou p ap bay kòz pou ofans nan anyen, pou ministè a pa vin pèdi valè li.


Paske nou respekte sa ki onorab, non sèlman nan zye Senyè a, men osi nan zye lèzòm.


Kondwi tèt nou avèk sajès anvè moun deyò yo, pou fè plis ke posib avèk tan an.


Konsa nou kapab konpòte nou byen anvè moun deyò legliz yo, e pou nou pa manke anyen.


e evite tout kalite mal.


Fòk li pa yon nouvo konvèti, pou li kab pa vin ògeye, e tonbe nan kondanasyon ki fèt pa pèlen Dyab la.


Konsa, mwen vle jèn vèv yo marye, fè pitit, okipe kay, pou pa bay lènmi an plas pou repwòch.


Men sila ki vle vin rich yo, tonbe nan tantasyon, yon pèlen plen foli ak move dezi ki konn plonje moun nan destriksyon ak pèdisyon.


pou yo kapab twouve bon sans pa yo, pou chape anba pèlen a Dyab la, ki kenbe yo kaptif pou fè volonte l.


pou yo kapab reflechi kon moun serye, rete san tach, fè travay lakay yo, janti, soumèt a pwòp mari yo, pou yo pa dezonore pawòl Bondye a.


rezonab ak pawòl ki san repwòch, pou sila ki opoze yo kapab vin wont, pou yo pa gen anyen mal pou di sou nou.


Démétrius te resevwa yon bon temwen a tout moun, epi osi selon menm laverite a; epi nou mete temwen nou sou sa, epi ou konnen ke temwen nou vrè.


Non, fis mwen yo, rapò ke m tande sikile pami pèp la pa bon.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite