Tranble devan Li, tout latè. Anverite, lemond etabli byen solid. Li p ap deplase menm.
1 Kwonik 16:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Kite syèl yo kontan e kite lemond rejwi: 1998 Haïtienne Se pou syèl la kontan, se pou latè a fè fèt. Mache di nan tout peyi yo: Se Senyè a ki sèl wa. |
Tranble devan Li, tout latè. Anverite, lemond etabli byen solid. Li p ap deplase menm.
Mwen va leve Ou wo, O Bondye mwen, O Wa a. Mwen va beni non Ou pou tout tan e pou tout tan.
Pale pami nasyon yo, “SENYÈ a renye.” Anverite, mond lan etabli byen solid. Li p ap ebranle menm. SENYÈ a va jije pèp yo avèk jistis.
SENYÈ a renye! Kite pèp yo pran tranble. Li plase twòn Li an anwo cheriben yo. Kite latè pran tranble!
Paske SENYÈ a se jij nou. Se SENYÈ a ki bay lwa nou yo. Se SENYÈ a ki wa nou. Se Li menm ki va sove nou.
Rele ak jwa, O syèl yo, paske SENYÈ a te fè sa! Rele ak jwa, ou menm, kote pi ba sou latè yo! Pete ak gwo kri lajwa, O mòn yo, O forè ak tout pyebwa ki ladann yo; paske SENYÈ a te rachte Jacob, e an Israël, Li va devwale glwa Li.
Rele fò ak jwa, O syèl yo! Rejwi, O latè! Eklate ak gwo kri lajwa, O mòn yo! Paske SENYÈ a te konsole pèp Li a. Li va gen konpasyon pou aflije Li yo.
Epi pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de mal. Paske wayòm nan, pouvwa a, avèk glwa a se pou Ou menm pou tout letènite. Amèn.’
“Menm jan an konsa, Mwen di nou, gen lajwa nan prezans zanj Bondye yo, sou yon sèl pechè ki repanti.”
Men zanj yo te di yo: “Pa pè, paske gade, mwen pote bòn nouvèl a gwo lajwa ki va pou tout pèp la.
Answit, mwen te tande yon bagay tankou vwa a yon gran foul, tankou son a anpil dlo, tankou gwo bri a anpil kout tonnè, ki t ap di: “Alelouya! Paske Senyè a, Bondye nou an, Toupwisan an renye.