Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 98 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Yon Sòm

1 O chante a SENYÈ a yon chan tounèf, paske Li te fè anpil bèl mèvèy. Men dwat Li ak bra sen Li yo te vin genyen viktwa pou Li.

2 SENYÈ a te fè sali Li rekonèt. Li te devwale ladwati Li pou tout nasyon yo wè.

3 Li te sonje lanmou dous Li a avèk fidelite Li pou lakay Israël.

4 Rele fò ak jwa a SENYÈ a, tout latè! Eklate ak chanson, wi chante lwanj Li yo!

5 Chante lwanj a SENYÈ a avèk ap, avèk ap ak vwa melodi a.

6 Avèk twonpèt ak son a kòn. Rele fò devan Wa a, SENYÈ a.

7 Kite lanmè a fè gwo bri ak tout sa ki ladann, Lemonn ak tout sa ki rete ladann yo.

8 Kite larivyè yo bat men yo. Kite mòn yo chante ansanm ak jwa

9 devan SENYÈ a, paske l ap vini pou jije latè. Li va jije lemonn ak ladwati Li E pèp yo avèk jistis.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite