Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 99 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 SENYÈ a renye! Kite pèp yo pran tranble. Li plase twòn Li an anwo cheriben yo. Kite latè pran tranble!

2 SENYÈ a gran nan Sion. Li leve wo anwo tout pèp yo.

3 Kite yo louwe non Ou ki gran e mèvèye; Se sen ke Li ye.

4 Pwisans a Wa a renmen lajistis. Ou te etabli ekite. Ou te fè jistis ak ladwati Ou vin rive nan Jacob.

5 Leve wo SENYÈ, Bondye nou an! Adore nan machpye twòn Li an. Se sen ke Li ye.

6 Moïse avèk Aaron te pami prèt Li yo e Samuel te pami sila ki te rele non Li yo. Yo te rele non SENYÈ a e Li te reponn yo.

7 Li te pale ak yo nan pilye nwaj la. Yo te kenbe temwayaj Li yo, avèk règleman ke Li te bay yo.

8 O SENYÈ, Bondye nou an, Ou te reponn yo. Ou te pou yo yon Bondye ki padone, men Ou te pran vanjans sou zak mechan yo.

9 Egzalte SENYÈ, Bondye nou an! Adore nan mon sen Li an, paske sen se SENYÈ a, Bondye nou an!

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite