Jan 1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl FasilJezikris, Pawòl etènèl Bondye a 1 Anvan tout bagay te kòmanse, Pawòl la te la. Li te avèk Bondye epi Pawòl la se te Bondye menm. 2 Li te avèk Bondye nan kòmansman. 3 Se ak li menm tout bagay te kreye; pa te gen anyen ki te kreye san li. 4 Se nan limenm lavi te ye, epi lavi sa a se te limyè pou tout moun sou latè. 5 Limyè a klere nan fènwa, men fòs fènwa pa kapab gen viktwa sou li. 6 Te gen yon nonm Bondye te voye, li te rele Jan. 7 Li te vin temwanye pou fè moun konnen kilès ki Limyè a. Konsa tout moun ta rive kwè nan li. 8 Se pa Jan ki te limyè a. Men, li te vini pou fè moun konnen kilès ki limyè a. 9 Vrè limyè a, parèt li parèt nan mond lan, li klere tout moun. 10 Men Pawòl la te nan mond lan deja, se ak Pawòl la menm mond lan te kreye. Poutan, mond lan pa t rekonèt Pawòl la. 11 Li te vini pami moun pa l yo, men moun pa l yo pa t resevwa li. 12 Men, tout moun ki resevwa Pawòl la, epi ki kwè nan li, li ba yo dwa pou yo vin pitit Bondye. 13 Yo vin pitit Bondye, men sa pa fèt menm jan ak lè yon moun fè pitit. Se pa paske yon moun te vle sa oubyen te fè plan pou sa, men se yon bagay Bondye fè ak pwòp volonte li. 14 Pawòl la te vin tounen moun epi li viv nan mitan nou. Nou te wè grandè li manifeste, yon glwa sèl pitit Bondye Papa a te ka genyen. Pawòl la te plen gras epi li montre nou tout verite Bondye a. 15 Jan te rann temwanyaj sou Pawòl la. Li pale byen fò, li di: “Se de li m t ap pale nou, lè m te di moun nan ki gen pou vini apre m nan pi gran pase m, paske li te la anvan m.” 16 Wi, Pawòl la te tèlman plen ak lanmou epi ak verite a pou nou, nou tout resevwa benediksyon nan men li youn apre lòt. 17 Paske Bondye te ba nou Lalwa pa mwayen Moyiz, men lanmou ak verite a vini pa mwayen Jezikris. 18 Pa gen okenn moun ki janm wè Bondye Papa a. Men, se sèl Pitit Bondye a ki nan yon relasyon san parèy ak Papa a, se li menm ki fè konnen kilès Papa a ye. Jan rann temwanyaj pou Jezi ( Mat 3:1-12 ; Mak 1:1-8 ; Lik 3:1-9 , 15-17 ) 19 Men ki temwanyaj Jan te bay lè lidè Jwif yo nan Jerizalèm te voye kèk Sakrifikatè ak kèk Levit al mande l: “Ki moun ou ye?” 20 San l pa ezite, li di byen klè: “Se pa mwen ki Mesi a.” 21 Alò, yo mande l: “ki moun ou ye? Èske ou se Eli?” Li reponn: “Non, mwen pa Eli.” Yo mande l: “Èske ou se pwofèt la?” Li reponn: “Non.” 22 Lè sa a, yo di li: “Ki moun ou ye menm? Ban nou yon repons pou n bay moun ki te voye nou yo. Ki sa ou di de ou menm?” 23 Jan site pawòl pwofèt Ezayi sa yo ba yo: Mwen se vwa yon moun k ap pale byen fò nan dezè a, k ap di: “prepare chemen Senyè a byen dwat.” 24 Pami moun yo te voye kote Jan yo, kèk nan yo se te Farizyen. 25 Yo di Jan: “Si ou pa ni Mesi a, ni Eli, ni pwofèt ki gen pou vini an, alò, pou kisa ou ap batize moun?” 26 Jan reponn yo: “Mwen batize moun yo nan dlo. Men gen yon moun nan mitan nou, nou pa menm konnen l, 27 Li va vini apre m. Mwen pa bon ase pou m ta lage lasèt sandal li.” 28 Tout bagay sa yo te pase nan rejyon Betani, sou lòtbò rivyè Jouden an. Se la Jan t ap batize moun yo. Jezi, mouton Bondye a 29 Nan demen, Jan wè Jezi ki t ap vini bò kote l, li di: “Gade, men mouton Bondye a! Se li ki wete peche lemonn. 30 Se de li menm mwen t ap pale nou, lè m te di: Gen yon moun ki gen pou vini apre m ki pi gran pase m, paske li te la anvan m. 31 Mwen pa t konnen ki moun li te ye. Men mwen te vin batize moun nan dlo pou pèp Izrayèl la ta konnen se li menm ki Mesi a.” 32 Men temwanyaj Jan te rann: “Mwen te wè Lespri Bondye desann soti nan syèl tankou yon pijon vin poze sou li. 33 Mwen menm, mwen pa t konnen li. Men, Bondye ki voye m vin batize moun nan dlo a te di m: Moun ou va wè Sentespri Bondye a desann poze sou li a, se li menm ki va batize moun ak Sentespri Bondye a. 34 Sa te rive vre, mwen te wè l, epi mwen sètifye Nonm sa se Pitit Bondye.” Premye disip Jezi yo 35 Nan demen ankò, Jan te la avèk de nan disip li yo. 36 Li t ap gade Jezi ki t ap pase epi li di: “Men li, men mouton Bondye a!” 37 Lè de disip yo te tande sa Jan di a, yo swiv Jezi. 38 Jezi vire gade, epi li wè de mesye yo ap swiv li. Li mande yo: “kisa nou vle?” Yo reponn: “Mèt, ki kote ou rete?” 39 Jezi reponn yo: “Vini, nou va wè.” Se kon sa de mesye sa yo te pati avèk Jezi. Yo te wè kote li rete, epi yo rete pase jounen an ak li. Se te bò katrè konsa. 40 Mesye sa yo te swiv Jezi apre yo fin tande sa Jan te di sou Jezi a. Andre, frè Simon Pyè a, te youn nan yo. 41 Premye bagay Andre fè, l al chache Simon, frè li. Andre di li: “Nou jwenn Mesi a” (ki vle di Kris). 42 Alò Andre mennen Simon bay Jezi. Jezi gade Simon epi li di l: “Ou se Simon, pitit Jonas, yo va rele w Sefas.” (Sefas vle di Pyè ki vle di Wòch.) 43 Nan demen, Andre te vle pou yo al Galile pou chache Filip. Lè yo jwenn li, Jezi di li: “Swiv mwen.” 44 Filip te moun yon ti vil ki rele Bètsayida, menm kote ak Andre ak Pyè. 45 Filip te rankontre Natanayèl, li di l: “Nou jwenn moun Moyiz te pale sou li nan Lalwa a. Pwofèt yo te pale sou li tou. Se Jezi, pitit Jozèf la, moun Nazarèt la.” 46 Men, Natanayèl di Filip konsa: “Nazarèt! Èske gen yon bon bagay ki ka soti Nazarèt?” Filip reponn li: “Vini, ou va wè.” 47 Jezi wè Natanayèl ki t ap vin jwenn li, li di: “Nonm sa a k ap vini an se yon Izrayelit toutbon, yon nonm moun ka fè konfyans.” 48 Natanayèl di Jezi: “Kòman ou fè konnen mwen?” Jezi reponn li: “Mwen te wè w lè ou te anba pye figye a, anvan menm Filip te rele w la.” 49 Alò Natanayèl reponn: “Mèt, ou se pitit Bondye a. Ou se Wa Izrayèl la.” 50 Jezi reponn li: “Ou kwè, paske m di w mwen te wè w anba pye figye a? Ou gen pou ou wè pi gwo bagay pase sa.” 51 Epi Jezi kontinye pou l di: “Nou mèt kwè m lè m di nou gen pou nou wè syèl la louvri epi anj Bondye yo k ap monte desann sou Pitit Lòm nan.” |
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
@ 2017 Bible League International
Bible League International