Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 1:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Li te vin temwanye pou fè moun konnen kilès ki Limyè a. Konsa tout moun ta rive kwè nan li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Li te vin sèvi temwen pou pale sou limyè a. Li te vini pou tout moun ki te tande mesay li a te ka kwè.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Li te vini kon yon temwen, pou li ta kapab fè temwen a limyè a, pou tout moun ta kapab kwè akoz li menm.

Gade chapit la Kopi




Jan 1:7
16 Referans Kwoze  

Men, tout moun ki resevwa Pawòl la, epi ki kwè nan li, li ba yo dwa pou yo vin pitit Bondye.


Jan te rann temwanyaj sou Pawòl la. Li pale byen fò, li di: “Se de li m t ap pale nou, lè m te di moun nan ki gen pou vini apre m nan pi gran pase m, paske li te la anvan m.”


Men ki temwanyaj Jan te bay lè lidè Jwif yo nan Jerizalèm te voye kèk Sakrifikatè ak kèk Levit al mande l: “Ki moun ou ye?”


Li t ap gade Jezi ki t ap pase epi li di: “Men li, men mouton Bondye a!”


Vrè limyè a, parèt li parèt nan mond lan, li klere tout moun.


Konsa, Pòl di yo: “Jan te preche yon batèm ki te di moun pou yo montre yo vle chanje lavi yo toutbon vre. Li te di moun yo pou yo mete konfyans yo nan moun k ap vin apre l la, epi moun sa a se Jezi.”


Sa k fè m di sa a, se paske nou tout nou se pitit Bondye pa mwayen lafwa nou mete nan Jezikris.


Bondye mete m responsab pou m fè li klè pou tout moun, kijan l ap reyalize plan li te kenbe sekrè a. Nan tout tan pase yo, Bondye ki te kreye tout mond lan, li pa t kite pèsonn konnen sa l t apral fè.


Bondye vle pou tout moun sove, pou yo tout rive konnen verite a.


Se kon sa nou ta dwe viv, paske Bondye fè gras li parèt klè, gras sa a se sous delivrans pou tout moun.


Senyè a pa an reta nan akonpli pwomès li yo, jan kèk moun konprann li an reta a. Men se pasyans li genyen pou nou konsa. Li pa vle okenn moun peri, men pou tout moun rive repanti.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite