Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 1:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Limyè a klere nan fènwa, men fòs fènwa pa kapab gen viktwa sou li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Limyè a klere nan fènwa a. Men, fènwa a pat resevwa li.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Limyè fè klè nan tenèb la, epi tenèb la pa t ka venk li.

Gade chapit la Kopi




Jan 1:5
10 Referans Kwoze  

Yo pa konn limen lanp pou yo mete l anba bokit. Men yo mete l yon kote byen wo pou l ka klere je tout moun ki nan kay la.


Men Pawòl la te nan mond lan deja, se ak Pawòl la menm mond lan te kreye. Poutan, mond lan pa t rekonèt Pawòl la.


Ou pral ede yo konprann verite a. Yo va vire do bay fènwa pou vin nan limyè. Yo va vire do bay pouvwa satan pou yo vin jwenn Bondye. Lè sa a peche yo ap padone. Epi yo va jwenn yon plas nan mitan moun Bondye yo, sa yo ki te sanktifye pa mwayen lafwa nan mwen yo.”


Poutèt yo pa t wè sa enpòtan pou yo chache konnen toutbon vre ki lès Bondye ye, Bondye te lage yo pou kite yo swiv tout move lide lespri yo. Konsa, yo te fè anpil bagay yo pa t dwe fè.


Yon moun ki reflechi sèlman ak yon logik natirèl pa kapab aksepte konprann verite Sentespri Bondye. Yo parèt tankou foli devan je li. Li pa konprann yo paske se sèlman Sentespri Bondye ki pèmèt moun byen evalye bagay sa yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite