Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 1:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Vrè limyè a, parèt li parèt nan mond lan, li klere tout moun.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Limyè sa a, se li ki limyè tout bon an. Se li menm ki vin sou latè epi k'ap klere tout moun.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Te gen vrè Limyè a ke, lè l vini nan mond lan, klere tout moun.

Gade chapit la Kopi




Jan 1:9
15 Referans Kwoze  

Men, si ou gade moun ak move je, y ap wè ou se yon moun ki ranpli ak fènwa. Epi si limyè a plonje nan fènwa, pa gen anyen ki ka retire l.


Si ou ranpli ak limyè, epi pa gen okenn pati nan ou ki kache nan fènwa, ou ap briye nèt tankou lè yon lanp ap klere chemen ou ak limyè li.”


Se nan limenm lavi te ye, epi lavi sa a se te limyè pou tout moun sou latè.


Li te vin temwanye pou fè moun konnen kilès ki Limyè a. Konsa tout moun ta rive kwè nan li.


Mwen menm, mwen vini pou m yon limyè pou lemonn, pou nenpòt moun ki kwè nan mwen pa rete nan fènwa.


Jezi di l: “Mwen menm, mwen se chemen an, mwen se verite a, epi mwen se lavi. Pa gen okenn moun ki janm rive kote Papa a san pase pa mwen.


“Mwen menm se vrè pye rezen an, epi Papa m se moun k ap okipe pye rezen an.


Jezi di: “Amèn! Sa Bib la di a se vre, se pa Moyiz ki te bay moun yo pen ki soti nan syèl. Men se Papa m ki ban nou vrè pen ki soti nan syèl la.


Te gen anpil moun la. Anpil nan yo t ap pale an sekrè antre yo de Jezi. Kèk nan yo te di: “Se yon nonm de byen li ye.” Men kèk lòt t ap di: “Se pa vre, mesye ap twonpe moun yo.”


Si nou di nou inosan pou sa ki gen pou wè ak peche, n ap twonpe tèt nou epi nou rejte verite a.


Poutan se yon kòmandman tou nèf m ap ban nou nan lèt sa a. Se yon vrè kòmandman; ou ka wè li manifeste nan Jezi epi nan nou menm tou. Fènwa a ap pase epi vrè limyè a ap briye deja.


Nou konnen Pitit Bondye a te vini epi li te ban nou entèlijans pou nou konnen Verite a. Epi nou nan verite a, nan Pitit li a, Jezikris. Se li ki Bondye toutbon vre a, se li ki lavi etènèl la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite