Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 1:16 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Wi, Pawòl la te tèlman plen ak lanmou epi ak verite a pou nou, nou tout resevwa benediksyon nan men li youn apre lòt.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Nou tout nou resevwa pa nou nan tout kantite byen l yo. Li ban nou favè sou favè.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Paske nan plenitid Li, nou tout te resevwa gras sou gras.

Gade chapit la Kopi




Jan 1:16
24 Referans Kwoze  

Nenpòt moun ki jwenn bon konprann kounye a gen pou yo jwenn plis pase sa yo gen bezwen. Men, nenpòt moun ki manke bon konprann ap gen pou yo pèdi menm ti sa yo te genyen an.


Mwen menm, mwen batize nou nan dlo pou montre chanjman nan kè nou ak nan lavi nou. Men, sila a k ap vin apre m nan, li ka fè plis pase m. Mwen pa diy ase pou m sèvi kòm esklav pou delase sandal nan pye l. Li menm l ap batize nou nan Sentespri ak nan dife.


Men, Jan t ap chache yon fason pou l di non. Li di Jezi konsa: “Se mwen ki ta pou vin jwenn ou pou ou batize m, pouki ou vin jwenn mwen?”


Paske m ap ban nou sajès pou nou pale. M ap mete pawòl nan bouch nou ki pou konfonn lènmi nou yo.


Bondye voye Kris la epi li fè konnen sa Bondye di. Bondye ba li tout pouvwa Sentespri a.


Yon sèl moun peche, epi lanmò vin gen pouvwa sou tout moun, poutèt yon sèl moun. Men kounye a, gen anpil moun ki resevwa gras Bondye a, kado Bondye fè pou l fè moun vin jis la. Moun sa yo gen pou yo viv pou yo ka renye sou lanmò pa mwayen Jezikris.


Se li menm ki louvri pòt lagras Bondye n ap jwi kounye a, poutèt konfyans nou mete nan li. Se sa k fè nou kontan anpil, paske n ap tann, yon jou, pou n patisipe nan laglwa Bondye.


Lalwa te vini, li lakòz vin gen plis fason pou moun peche toujou. Men kote peche yo vin pi plis, gras Bondye monte pi plis toujou.


Men ou menm, ou pa anba kontwòl feblès lachè. Ou anba kontwòl Sentespri a si Lespri Bondye ap viv nan ou toutbon. Men, nenpòt moun ki pa gen Lespri Kris la nan li, li pa moun Kris la.


Legliz la se kò Kris la. Kris ranpli Legliz la, epi li ranpli tout bagay ladan l nèt.


Se vre, pèsonn p ap ka rive konnen grandè lanmou Kris la nètale. Malgre sa, m priye pou nou rive konnen lanmou sa a pou nou ka vin ranpli ak tou richès ki nan Bondye.


Se yon plezi Bondye pran pou l mete tout sa limenm li ye nan Pitit la.


Se nan Kris ki genyen tout richès lasajès ak konesans.


Yo te travay di pou yo te ka konnen nan ki epòk ak nan ki sikonstans bagay Lespri Kris la t ap di yo a te gen pou rive. Paske Lespri ki te nan yo a te anonse soufrans Kris la te gen pou l sibi davans ak kalite glwa li t apral genyen apre sa.


Bondye te planifye lontan davans pou l te chwazi nou epi pou l te fè nou tounen yon pèp apa pou li pa mwayen travay Sentespri a. Bondye vle n obeyi l epi li vle pou san Jezikris ki te koule a fè nou pwòp nèt. M ap priye pou Bondye beni nou epi ban nou gras ak lapè li an abondans.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite