Lè Jezi tande pawòl sa yo, li te admire lafwa ofisye a. Li di moun ki t ap swiv li yo: “Menm nan peyi Izrayèl mwen pa jwenn yon moun ki gen tout lafwa sa a.”
Mak 6:51 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Monte Jezi monte nan bato a avèk yo, tout van an sispann. Se pa de sezi disip yo te sezi. 1998 Haïtienne Li moute bò kote yo nan kannòt la, van an vin tonbe. Se pa ti sezi disip yo te sezi. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li te antre nan kannòt la avèk yo, e van an te sispann. Yo te vrèman sezi. |
Lè Jezi tande pawòl sa yo, li te admire lafwa ofisye a. Li di moun ki t ap swiv li yo: “Menm nan peyi Izrayèl mwen pa jwenn yon moun ki gen tout lafwa sa a.”
Tout moun te sezi wè sa ki te rive a, epi yo te komanse ap fè gwo diskisyon ant yo menm, youn t ap di lòt: “Sa k ap pase la a? Nonm sa a vini ak yon nouvo ansèyman ki mache avèk otorite. Li menm pase move lespri yo lòd epi yo oblije obeyi l.”
Se konsa, la menm, nonm lan leve, li pran nat li, li sòti devan je tout moun. Se pa de sezi foul la te sezi, epi yo t ap bay Bondye glwa, yo t ap di nou patko janm wè bagay konsa.
Lè Jezi reveye, li pale fò ak van an epi li di lak la: “Silans! Rete trankil!” La menm, van an fè silans, epi tout bagay rantre nan lòd.
Vrèmanvre yo te pè anpil, epi youn t ap di lòt “Ki moun sa a, menm van ak dlo lak obeyi l?”
La menm ti fi a leve kanpe epi li kòmanse mache toupatou. Li te gen douzan. Se pa de sezi moun yo te sezi.
Tout moun te sezi, yo t ap di: “Gade kijan li fè tout bagay byen. Ata moun ki soud li fè yo tande! E menm bèbè yo li fè yo pale.”
Lè li di sa, yo te vle mete l nan bato a. Epi tousuit apre, bato a rive kote yo t aprale a.