Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 4:41 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

41 Vrèmanvre yo te pè anpil, epi youn t ap di lòt “Ki moun sa a, menm van ak dlo lak obeyi l?”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

41 Men disip yo te pè anpil anpil. Yonn t'ap di lòt: — Ki moun li ye menm pou menm van ak lanmè obeyi li a?

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

41 Yo te etone avèk laperèz e yo te di: “Ki moun sa ye ke menm van avèk dlo lanmè obeyi Li?”

Gade chapit la Kopi




Mak 4:41
17 Referans Kwoze  

Monte Jezi monte nan bato a avèk yo, tout van an sispann.


Mesye yo te etone anpil, epi youn t ap di lòt: “Ki kalite moun nonm sa a ye? Menm van ak vag lanmè obeyi l?”


Apre sa, Jezi di yo: “Poukisa nou pè konsa? Nou pa gen lafwa?”


Jezi ak disip li yo ale lòt bò lak la nan peyi Jerazenyen yo.


Madanm nan konnen byen sa ki te rive l. Li vini tou ap tranble tèlman li te pè.


Tout moun te sezi, yo t ap di: “Gade kijan li fè tout bagay byen. Ata moun ki soud li fè yo tande! E menm bèbè yo li fè yo pale.”


Tout moun yo te etone. Yo te pran pale youn ak lòt, yo t ap di: Sa k ap pase kon sa a? Ak otorite ak puisans Jezi, pase move lespri yo lòd epi yo sòti.


Apre sa, Jezi di disip yo: “Kote lafwa nou?” Disip yo menm te pè epi yo te sezi tou. Yo t ap pale youn ak lòt. Yo t ap di: “Ki lès nonm sa a ye menm, pou menm van ak lanmè li pase yo lòd epi yo obeyi l?”


Men nou menm nou mèt di Bondye mèsi, paske nou resevwa yon wayòm pèsonn pa ka sekwe. An nou adore Bondye avèk anpil respè ak krentif,


Tout moun dwe gen krentif pou ou, o Senyè. Tout pèp va fè lwanj pou non ou. Se ou sèl ki sen. Tout pèp va vin devan w, koube pou adore w, paske jijman ou fè yo dwat.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite