Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 1:27 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

27 Tout moun te sezi wè sa ki te rive a, epi yo te komanse ap fè gwo diskisyon ant yo menm, youn t ap di lòt: “Sa k ap pase la a? Nonm sa a vini ak yon nouvo ansèyman ki mache avèk otorite. Li menm pase move lespri yo lòd epi yo oblije obeyi l.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

27 Tout moun yo te sitèlman sezi, yonn t'ap mande lòt: — Sa sa ye la a menm! Sa se yon lòt bagay l'ap moutre nou la a. Menm move lespri yo, li pase yo lòd ak otorite, yo obeyi li.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 Yo tout te etone. Yo te diskite pami yo e te di: “Kisa sa ye? Yon enstriksyon nèf? Avèk otorite Li kòmande menm move lespri yo, e yo obeyi Li!”

Gade chapit la Kopi




Mak 1:27
15 Referans Kwoze  

Moun ki te la yo te sezi anpil lè yo wè bèbè yo pale, enfim yo geri, bwate yo ap mache dwat, avèg yo wè. Lè sa a, yo pran fè louanj Bondye pèp Izrayèl la.


Mwen menm tou, m anba otorite yon lòt moun, epi mwen gen anpil sòlda anba otorite m. Lè m di youn: Ale, li ale. Lè m di yon lòt: Vini, li vini. Lè m di sèvitè m: Fè tèl bagay, li fè l.”


Apre Jezi fin chase demon an, bèbè a te kòmanse pale ankò. Foul la pa t manke sezi lè yo te wè sa a epi yo t ap di: “Se premye fwa nou wè yon bagay kon sa nan Izrayèl.”


Movèzespri a sakaje misye a. Li pouse yon gwo kri epi li sòti sou misye a.


Sa ou tande a, nouvèl la gaye nèt nan tout rejyon Galile a.


Disip yo te sezi lè yo te tande Jezi di sa, men li kontinye pou l di yo: “Timoun mwen yo, li pa fasil ditou pou moun antre nan wayòm Bondye a!


Yo te sou wout pou al Jerizalèm, epi Jezi t ap mache devan yo. Disip li yo t ap poze tèt yo kesyon sou kisa ki pral rive, epi rès foul la te pè anpil. Jezi rele douz apot yo akote epi li kòmanse rakonte yo sa ki pral rive l Jerizalèm.


Lè yo antre nan kavo a, yo wè yon jèn gason toudeblan chita sou bò dwat la. Medam yo te sezi anpil.


Men, jèn gason di yo: “Nou pa bezwen pè. N ap chache Jezi, moun Nazarèt la yo te klouwe sou kwa a. Li resisite. Li pa isit la. Vin wè kote kadav la te yo te mete l la.”


Tout moun te sezi, yo t ap di: “Gade kijan li fè tout bagay byen. Ata moun ki soud li fè yo tande! E menm bèbè yo li fè yo pale.”


Tout moun yo te etone. Yo te pran pale youn ak lòt, yo t ap di: Sa k ap pase kon sa a? Ak otorite ak puisans Jezi, pase move lespri yo lòd epi yo sòti.


Jezi rele douz apot li yo epi li ba yo pouvwa ak otorite sou tout kalite denmon ak pouvwa pou yo geri tout kalite maladi.


Konsa, yo pran Pòl, yo mennen l nan Areyopaj la, epi yo di l: “Silvouplè, eksplike nou nouvo lide sa a non, ou ap anseye kon sa a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite