Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 5:42 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

42 La menm ti fi a leve kanpe epi li kòmanse mache toupatou. Li te gen douzan. Se pa de sezi moun yo te sezi.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

42 Menm lè a, ti fi a leve, li pran mache, li te gen douzan. Se pa ti sezi moun yo te sezi lè yo wè sa.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

42 Lapoula, tifi a te leve e te kòmanse mache. Li te gen douz ane. Tout moun te sezi.

Gade chapit la Kopi




Mak 5:42
7 Referans Kwoze  

Tout moun te sezi wè sa ki te rive a, epi yo te komanse ap fè gwo diskisyon ant yo menm, youn t ap di lòt: “Sa k ap pase la a? Nonm sa a vini ak yon nouvo ansèyman ki mache avèk otorite. Li menm pase move lespri yo lòd epi yo oblije obeyi l.”


Vrèmanvre yo te pè anpil, epi youn t ap di lòt “Ki moun sa a, menm van ak dlo lak obeyi l?”


Jezi pran men timoun nan epi li di li: “Talita koum” ki vle di: “Ti fi, mwen di ou leve kanpe!”


Jezi te ba yo lòd sevè pou pèsonn pa t rive konnen sa k te pase. Apre sa, li di yo pou yo bay ti fi a manje.


Monte Jezi monte nan bato a avèk yo, tout van an sispann. Se pa de sezi disip yo te sezi.


Tout moun te sezi, yo t ap di: “Gade kijan li fè tout bagay byen. Ata moun ki soud li fè yo tande! E menm bèbè yo li fè yo pale.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite