Toupwisan an,—nou pa kab jwenn Li. Li egzalte nan pouvwa Li. Jistis Li ak ladwati Li gran; Li pa janm oprime.
Sòm 99:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Pwisans a Wa a renmen lajistis. Ou te etabli ekite. Ou te fè jistis ak ladwati Ou vin rive nan Jacob. 1998 Haïtienne Ou se yon wa ki gen pouvwa, yon wa ki renmen sa ki dwat. Ou mete jistis toupatou nan peyi Izrayèl. Ou fè yo fè jistis nan peyi a san patipri, jan sa dwe fèt. |
Toupwisan an,—nou pa kab jwenn Li. Li egzalte nan pouvwa Li. Jistis Li ak ladwati Li gran; Li pa janm oprime.
devan SENYÈ a, paske l ap vini pou jije latè. Li va jije lemonn ak ladwati Li E pèp yo avèk jistis.
Li p ap dekouraje oswa vin kraze jiskaske Li etabli lajistis sou tout latè, epi peyi kot yo va tann lalwa Li.”
Paske jan tè a fè boujon li vin parèt la, jaden an fè bagay ki simen ladann yo vin pete grandi, konsa Senyè BONDYE a va fè ladwati ak lwanj pete grandi devan tout nasyon yo.
P ap gen fen nan gouvènman Li an ni p ap manke gen lapè sou twòn David la ak sou wayòm li an, pou etabli li e soutni l ak jistis avèk ladwati soti nan moman sa a jis rive pou tout tan. Zèl a SENYÈ dèzame yo va akonpli sa a.
“Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “lè Mwen va fè leve pou lakay David, yon branch plen ladwati. Li va renye kon wa, aji ak sajès e fè jistis ak ladwati nan peyi a.
Li fè jistis pou òfelen ak vèv la, e Li montre amou Li pou etranje a lè Li ba li manje avèk rad.
pou egzekite jijman sou tout, epi pou fè rann kont a tout enkwayan yo avèk zak enpi pa yo, ke yo t ap fè nan yon jan ki san respè Bondye, epi tout move bagay ke pechè yo san fwa te pale kont Li.”
Mwen te wè syèl la ouvri, e vwala, yon cheval blan, e Sila ki te chita sou li a, rele Fidèl e Veritab. Avèk ladwati Li jije e fè lagè.