Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 11:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Paske Bondye dwat. Li renmen ladwati. Sila ki kanpe dwat yo va wè figi Li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Senyè a pa nan patipri, li renmen lè moun fè bagay ki byen. Moun ki mache dwat yo va parèt devan li.

Gade chapit la Kopi




Sòm 11:7
20 Referans Kwoze  

Li pa retire zye Li sou moun ladwati yo; men avèk wa ki chita sou twòn yo, li bay yo chèz jis pou tout tan, e yo leve wo.


SENYÈ a ouvri zye a avèg yo. SENYÈ a leve sila ki vin pwostène yo. SENYÈ a renmen moun ladwati yo.


Pou mwen menm, mwen va wè figi Ou nan ladwati a; mwen va satisfè avèk vizaj Ou lè m ouvri zye m.


Paske Ou te fè li beni pase tout moun, jis pou tout tan; Ou te fè li plen ak lajwa avèk kè kontan nan prezans Ou.


Veye byen, zye SENYÈ a sou sila ki krent Li yo, sou sila ki mete espwa yo nan lanmou dous Li a,


Li renmen ladwati avèk jistis. Latè ranpli avèk lanmou dous SENYÈ a.


Zye a SENYÈ a sou sila ki dwat yo. Zòrèy Li koute kri yo.


Paske SENYÈ a renmen jistis, e li pa abandone fidèl li yo. Yo prezève pou tout tan, men mechan yo va vin koupe retire nèt.


Poukisa, o nanm mwen, ou nan dezespwa? Epi poukisa ou twouble anndan m? Mete espwa ou nan Bondye, paske mwen va louwe Li ankò akoz sekou a prezans Li an.


Ou te renmen ladwati e te rayi mechanste. Pou sa, Bondye, Bondye pa Ou a, te onksyone Ou avèk lwil lajwa plis ke moun parèy Ou yo.


Tout vètman Ou yo santi tankou lami, womaren ak sitwonèl. Soti nan palè livwa yo,lenstriman a kòd yo vin fè Ou kontan.


Paske se Ou menm ki beni nonm ki dwat la, O SENYÈ, Ou ki antoure li avèk gras Ou, tankou yon boukliye.


Bondye se yon jij ki jis e ki rayi enjistis chak jou.


Alò, mete fen a mechanste malfektè yo, men etabli sila ki dwat yo. Paske se ladwati Bondye ki fè prèv nan kè avèk panse moun.


Pwisans a Wa a renmen lajistis. Ou te etabli ekite. Ou te fè jistis ak ladwati Ou vin rive nan Jacob.


Chemen mechan an abominab a SENYÈ a; men Li renmen sila ki chache ladwati a.


Paske Mwen, SENYÈ a, renmen lajistis; Mwen rayi vòl ak malfezans. Ak fidelite Mwen va bay yo rekonpans yo, e Mwen va fè yon akò k ap dire pou tout tan avèk yo.


Paske zye a Senyè a sou moun ladwati yo, e zòrèy Li atantif a lapriyè yo; men lafas Bondye kont sila ki fè mal yo.”


Alò, chè zanmi yo, nou se ti moun a Bondye, epi li poko fin devwale ki sa n ap ye. Nou konnen ke lè Li parèt nou va tankou Li, paske nou va wè Li menm jan ke Li ye.


Yo va wè figi Li, e non Li va sou fon yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite