Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 12:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Sekou, SENYÈ, paske moun ladwati yo sispann egziste, Paske fidèl yo vin disparèt pami fis a lòm yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 (2) Vin sove nou non, Senyè! Pa gen moun ki renmen ou ankò! Pa gen moun sou latè k'ap sèvi ou ak tout kè yo ankò!

Gade chapit la Kopi




Sòm 12:1
18 Referans Kwoze  

“Mache ale retou toupatou nan lari Jérusalem. Gade koulye a, e byen nòte. Chèche nan plas ouvri li yo. Si ou ka twouve yon moun ki fè jistis, k ap chache verite, alò Mwen va padone Jérusalem.


Moun dwat la peri, men pèsòn pa pran sa a kè. Sila ak mizerikòd vin retire, men pèsòn pa konsidere ke moun dwat la retire pou anpeche mal la rive l.


Epi akoz inikite ogmante, lanmou a pi fò moun ap vin fwèt.


Mwen te gade e pa t gen pèsòn pou ede; Mwen te etone ke pa t gen pèsòn pou bay soutyen. Akoz sa pwòp bra M te pote Sali Mwen e kòlè Mwen te fè M kanpe.


O SENYÈ, pa repwoche mwen nan kòlè Ou, ni ba m chatiman nan fachez Ou.


Gen anpil moun ki pwomèt fidelite; men kibò pou jwenn yon nonm onèt?


Bondye te gade sou latè, e gade byen, li te vin konwonpi; paske tout chè te vin konwonpi sou tè a nan jan yo te mache.


Disip Li yo te vin fè L leve. Yo te di L: “Senyè, sove nou! N ap peri!”


Amwenske SENYÈ dèzame yo te kite kèk grenn chape viv, nou t ap tankou Sodome, nou t ap sanble ak Gomorrhe.


Sove mwen, O Bondye, ak non Ou e fè vanjans mwen ak pouvwa Ou.


Retounen, O SENYÈ, fè nanm mwen chape. Sove mwen akoz lanmou dous Ou a.


epi Matthithia, Éliphelé, Miknéia, Obed-Édom, Jeïel avèk Azazia, pou pran avan avèk ap uit kòd pou kondwi chan an.


Leve, O SENYÈ! Sove mwen, O Bondye mwen! Paske Ou te souflete tout lènmi mwen yo. Ou te kraze dan a mechan yo.


Men lè l te wè van an, li te vin pè, e te kòmanse desann nan dlo a. Li te rele: “Senyè, sove m!”


Nanpwen moun ki fè pwosè ak dwati, ni ki fè plent ak entegrite. Yo mete konfyans nan vanite, e yo pale manti. Yo simen mal e yo rekòlte mechanste.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite