Sòm 92:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Paske Ou menm, O SENYÈ, te fè m kontan avèk sa Ou te fè a. Mwen va chante chan viktwa a akoz zèv men Ou yo. 1998 Haïtienne (5) Paske, Senyè, ou fè kè m kontan ak bèl mèvèy ou yo, m'ap fè fèt lè m wè tou sa w'ap fè. |
Mwen sonje ansyen jou yo. Mwen reflechi tout tan sou tout sa Ou te fè. Mwen panse sou zèv men Ou yo.
Nonm ladwati a va kontan nan SENYÈ a! Yo va pran refij nan Li, epi tout moun dwat yo va fè kè kontan.
Paske konsa pale SENYÈ a: “Chante anlè ak kè kontan pou Jacob, e kriye fò pami chèf nasyon yo. Pwoklame, bay lwanj epi di: ‘O SENYÈ sove pèp Ou a, retay Israël la!’
“Konsa, nou menm tou gen tristès koulye a. Men Mwen va wè nou ankò, e kè nou ap rejwi, e pèsòn p ap retire jwa nou ankò.
Men gras a Bondye, ki toujou mennen nou nan viktwa Li an Kris la, e ki toujou fè parèt nan nou yon pafen ki santi bon de konesans a Li nan tout kote.
“Rejwi sou li, o syèl, e nou menm, sen, apot ak pwofèt yo, paske Bondye te pwononse jijman pou nou kont li.”