Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Yon sòm David.

1 O SENYÈ, Senyè nou an, A la non Ou gran sou tout latè! Ou te fè parèt klè mayifisans Ou piwo pase syèl yo!

2 Soti nan bouch a ti bebe ki fenk fèt yo, ak timoun k ap tete yo, Ou te etabli pwisans Ou, akoz advèsè Ou yo, pou fè lènmi an avèk vanjè a sispann.

3 Lè m reflechi sou syèl Ou yo, zèv men Ou yo, lalin ak zetwal ke Ou te fè yo,

4 Kisa lòm nan ye, pou Ou reflechi sou li? Oswa fis a lòm nan, pou Ou pran swen li?

5 Malgre, Ou te fè li yon ti kras pi ba pase Bondye, e te kouwone li ak glwa avèk lonè!

6 Ou fè li regne sou zèv men Ou yo. Ou te mete tout bagay anba pye li:

7 Tout mouton yo ak bèf yo, avèk bèt sovaj nan chan,

8 zwazo nan syèl yo, avèk pwason lanmè yo, ak tout sa ki pase nan chemen lanmè yo.

9 O SENYÈ, mèt nou an, a la non Ou gran sou tout latè a.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite