Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 126:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 SENYÈ a te fè gwo bagay yo pou nou. Nou kontan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Wi, li te fè anpil bèl bagay pou nou, sa te fè kè nou kontan anpil.

Gade chapit la Kopi




Sòm 126:3
19 Referans Kwoze  

Li bay gran delivrans a wa Li a, epi montre lanmou dous Li a onksyone Li a, a David avèk desandan li yo jis pou tout tan.


Men a la gran, bonte ke Ou te konsève pou sila ki krent Ou yo, ke Ou te fòje pou sila ki kache nan Ou yo, devan fis a lòm yo!


Senyè a te di: “Mwen va mennen fè yo sòti Basan. Mwen va mennen yo retounen jis rive nan fon lanmè a,


Konsa, li va pale nan jou sa a, “Gade byen, sa se Bondye nou an! Sila nou te tann pou L te ka sove nou an! Sa se SENYÈ a! Sila nou t ap tann nan! Annou rejwi e fè kè kontan nan sali Li a!”


Nou va wè sa; kè nou va kontan e zo nou va fleri tankou zèb vèt tounèf. Men SENYÈ a va rekonèt pa sèvitè Li yo; men Li va fè gwo kòlè kont lènmi Li yo.


Men Lame nò a, Mwen va retire li ale lwen nou, Mwen va pouse li ale nan yon peyi sèk e dezole. Tèt devan lame a, Mwen va lage nan lanmè lès la; pwent dèyè a, nan lanmè lwès la. Konsa, sant pouriti li a va vin leve. Movèz odè li va vin monte, paske se gwo bagay li te konn fè.”


Pinga nou pè, O peyi a! Rejwi e fè kè nou kontan, paske SENYÈ a te fè gwo bagay.


Marie te di: “Nanm mwen egzalte Senyè a,


Paske Toupwisan an te fè gwo bagay pou mwen. Non Li sen.


Answit mwen te tande yon gwo vwa nan syèl la ki t ap di: “Koulye a delivrans lan, pwisans lan, wayòm Bondye nou an, ak otorite Kris Li a te vini an. Paske akizatè a frè nou yo jete anba; Sila ki te konn akize yo devan Bondye nou an lajounen kon lannwit lan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite