Louwe SENYÈ a! A la beni nonm ki krent SENYÈ a beni! Sila ki pran gwo plezi nan kòmandman Li yo.
Sòm 5:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Paske se Ou menm ki beni nonm ki dwat la, O SENYÈ, Ou ki antoure li avèk gras Ou, tankou yon boukliye. 1998 Haïtienne (13) Paske ou menm Senyè, ou beni moun ki obeyi ou. Ou kouvri yo avèk favè ou, w'ap kanpe bò kote yo pou pran defans yo. |
Louwe SENYÈ a! A la beni nonm ki krent SENYÈ a beni! Sila ki pran gwo plezi nan kòmandman Li yo.
Son lajwa eklate ak delivrans nan tant a moun ki dwat yo. Men dwat a SENYÈ a se vanyan!
Men Ou menm, O SENYÈ, se yon pwotèj ki antoure mwen, glwa mwen, ak Sila ki fè tèt mwen leve a.
Anpil se tristès a mechan yo, men sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a, se lanmou dous ki va antoure li.
Ou se kote ke m konn kache a. Ou pwoteje mwen kont gwo twoub. Ou antoure mwen avèk chanson delivrans yo.
Chante a Bondye! Chante lwanj a non Li! Leve wo pou Sila ki monte sou nwaj yo: non l se SENYÈ a! Rejwi devan Li an!
Paske SENYÈ a, Bondye a, se yon solèy ak yon boukliye. SENYÈ a va bay gras avèk glwa. Li pa refize anyen ki bon a sila ki mache dwat yo.