Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 118:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Son lajwa eklate ak delivrans nan tant a moun ki dwat yo. Men dwat a SENYÈ a se vanyan!

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Tande jan moun k'ap mache dwat devan Bondye yo ap rele anndan lakay yo, sitèlman yo kontan! Yo genyen batay la, yo delivre. Senyè a fè bèl bagay avèk pouvwa li.

Gade chapit la Kopi




Sòm 118:15
21 Referans Kwoze  

Gran se zèv a SENYÈ yo! Yo etidye pa tout moun ki pran plezi nan yo.


Mwen te eritye temwayaj Ou yo pou tout tan, paske se yo ki lajwa kè m.


Règleman Ou yo se chanson mwen nan kay kote m demere.


Fè kè kontan nan SENYÈ a e rejwi, nou menm ki jis! Rele avèk jwa, nou tout ki dwat nan kè nou yo.


Konsa, se pa ak pwòp nepe pa yo ke yo te posede peyi a, ni se pa pwòp bra yo ki te sove yo, men se men dwat Ou avèk bra Ou, ak limyè prezans Ou an, akoz Ou te bay yo favè.


Nan majeste Ou, Ou va monte nèt an viktwa. Pou koz verite avèk imilite, avèk ladwati, kite men dwat Ou enstwi Ou bagay mèvèy yo.


Paske se Ou menm ki beni nonm ki dwat la, O SENYÈ, Ou ki antoure li avèk gras Ou, tankou yon boukliye.


Nan Bondye, nou va fè bèl bagay yo ak gwo kouraj. Se Li menm ki va foule lènmi nou yo anba pye.


Men kite moun ladwati yo fè kè kontan. Kite yo leve wo devan Bondye. Wi, kite yo rejwi avèk kè kontan.


Ou gen yon men byen fò. Men dwat Ou leve byen wo.


O chante a SENYÈ a yon chan tounèf, paske Li te fè anpil bèl mèvèy. Men dwat Li ak bra sen Li yo te vin genyen viktwa pou Li.


Men dwat Ou, SENYÈ, ranpli ak majeste avèk pwisans. Men dwat Ou, O SENYÈ, vin dechire lènmi an nèt.


Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, sèvitè Mwen yo va manje, men nou va rete grangou. Gade byen, sèvitè Mwen yo va bwè, men nou va rete swaf. Gade byen, sèvitè Mwen yo va rejwi, men nou va twouve gwo wont.


Li fè zèv pwisan yo avèk bra Li. Li te gaye sila avèk panse ògèy nan kè yo.


Li te mennen yo lakay li e te mete manje devan yo. Li te rejwi anpil, akoz li te kwè nan Bondye avèk tout lakay li.


“Epi nou va rejwi devan SENYÈ a, Bondye nou an, nou menm avèk fis ak fi nou yo, sèvitè ak sèvant nou yo ak Levit ki anndan pòtay nou yo, akoz ke li pa gen pati ni eritaj pami nou.


“Rejwi sou li, o syèl, e nou menm, sen, apot ak pwofèt yo, paske Bondye te pwononse jijman pou nou kont li.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite