Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 29 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Yon sòm David

1 Bay a SENYÈ a, O Fis a moun pwisan yo, bay a SENYÈ a, glwa avèk gwo fòs.

2 Bay a SENYÈ a, glwa ke non Li merite a. Adore SENYÈ a avèk tout sa ki sen.

3 Vwa SENYÈ a sou dlo yo. Bondye glwa la fè tonnè gwonde, eklate. SENYÈ a sou anpil dlo.

4 Vwa SENYÈ a gen gwo fòs. Vwa SENYÈ a ranpli ak majeste.

5 Vwa SENYÈ a fann bwa sèd yo. Wi, SENYÈ a fann an mòso bwa sèd Liban yo.

6 Li fè Liban sote. Li ponpe tankou yon ti bèf, e Sirion tankou yon jèn bèf mawon.

7 Vwa SENYÈ a koupe fè flanm dife.

8 Vwa SENYÈ a souke savann nan. Vwa SENYÈ a souke savann Kadès la.

9 Vwa SENYÈ a fè bich la fè pitit. Li fè forè a vin toutouni. Nan tanp Li a, tout moun ki la yo rele: “Glwa”!

10 SENYÈ a te chita kon Wa nan gran inondasyon an. Wi, SENYÈ a chita kon Wa jis pou tout tan.

11 SENYÈ a va bay fòs a pèp Li a. SENYÈ a va beni pèp li a avèk lapè.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite