Konsa, David avèk tout kay Israël la t ap mennen lach SENYÈ a monte avèk gwo kri lajwa e avèk son twonpèt.
Sòm 47:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen O bat men nou ansanm, tout pèp yo. Rele fò a Bondye avèk yon vwa plen viktwa. 1998 Haïtienne (2) Nou tout pèp yo, bat bravo! Fè lwanj Senyè a! Rele ak kè kontan! |
Konsa, David avèk tout kay Israël la t ap mennen lach SENYÈ a monte avèk gwo kri lajwa e avèk son twonpèt.
Epi li te mennen fè parèt deyò fis a wa a e te mete kouwòn nan sou tèt li, avèk temwen an; epi yo te fè li wa e te onksyone li. Yo te bat men yo e te di: “Viv wa a!”
Konsa mesye Juda te fè leve kri lagè a, e nan moman sa a, Bondye te boulvèse Jéroboam avèk tout Israël devan Abija avèk Juda.
Sove nou, O SENYÈ, Bondye nou an. Ranmase nou pami nasyon yo, pou bay remèsiman a non sen Ou an, avèk viktwa ki sòti nan lwanj Ou yo.
Jan sèf la rale souf ak swaf pou dlo ravin nan, Konsa nanm mwen rale souf pou Ou, O Bondye.
Paske ou va sòti ak kè kontan e mennen sòti ak lapè. Mòn yo ak kolin yo va eklate nan gwo kri lajwa devan ou, e tout bwa nan chan yo va bat men yo.
Paske konsa pale SENYÈ a: “Chante anlè ak kè kontan pou Jacob, e kriye fò pami chèf nasyon yo. Pwoklame, bay lwanj epi di: ‘O SENYÈ sove pèp Ou a, retay Israël la!’
Chante, O fi a Sion an! Rele fò, O Israël! Se pou ou kontan e rejwi ak tout kè ou, O fi Jérusalem nan!
‘Se kilès ou ye, O gran montay la? Devan Zorobabel, ou va vin tounen tè pla. Konsa, li va fè vin parèt ak wòch prensipal la, ak gwo kri k ap di: “Gras, gras a li!”’”
Rejwi anpil, O fi a Sion an! Kriye yon son viktwa, O fi a Sion an! Gade byen wa ou ap vini kote ou; Li jis e Li gen Sali; Li enb e Li monte sou yon bourik, menm yon jenn pòtre, pitit a yon bourik.
Samuel te di a tout pèp la: “Èske nou wè sila ke SENYÈ a te chwazi a? Anverite, nanpwen lòt moun ki tankou li pami tout pèp la.” “Konsa, tout pèp la te rele fò. Yo te di: “Viv Wa a!”