Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 47:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Paske SENYÈ Pi Wo a merite lakrent. Li se Gran Wa a sou tout latè a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 (3) Paske, Senyè ki anwo nan syèl la, se moun ki pa nan jwèt, se moun pou nou pè. Se yon gwo wa k'ap gouvènen sou tout latè.

Gade chapit la Kopi




Sòm 47:2
18 Referans Kwoze  

“Men malè pou sila k ap twonpe a, ki gen nan bann mouton li an, yon mal, ki fè sèman pou livre li, men ki anfen, fè sakrifis bay SENYÈ a ak yon bèt ki gen defo. Paske Mwen se yon gwo Wa,” pale SENYÈ Dèzame yo, “e non Mwen etonnan pami nasyon yo.”


Kite yo louwe non Ou ki gran e mèvèye; Se sen ke Li ye.


Paske SENYÈ a se yon gran Bondye, e yon gran wa pi wo ke tout dye yo.


Paske Bondye se Wa a tout tè a. Chante lwanj yo avèk yon chan byen bèl.


O Bondye, Ou etonnan nan sanktiyè Ou yo. Bondye Israël la ki bay fòs ak pouvwa a pèp Li yo. Beni se Bondye!


Nou pa pou pè yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, nan mitan nou, yon gran Bondye ki mèvèye.


Avèk zèv mèvèy e dwat, Ou reponn nou, O Bondye sali nou an. Se Ou menm ki espwa tout pwen latè a, jis rive nan lanmè pi lwen an.


Mwen te di: “Mwen sipliye W, O SENYÈ syèl la, Bondye ki gran e mèvèye a, ki gade akò Li avèk lanmou dous Li pou sila ki renmen Li yo e ki kenbe kòmandman Li yo,


Jésus te vin pale avèk yo, e te di: “Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè.


Lezòm va pale sou pouvwa a zèv mèvèy Ou yo e mwen va pale jan Ou gran.


Li va koupe retire nanm a prens yo. Wa latè yo gen lakrent Li.


“Konsa, si nou pa fè atansyon pou swiv tout pawòl a lwa sila yo ki ekri nan liv sila yo, avèk krent non sa a ki plen onè e ki mèvèye la, SENYÈ a, Bondye nou an,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite