Konsa, se pa ak pwòp nepe pa yo ke yo te posede peyi a, ni se pa pwòp bra yo ki te sove yo, men se men dwat Ou avèk bra Ou, ak limyè prezans Ou an, akoz Ou te bay yo favè.
(4) Se pat avèk nepe pèp ou a te pran peyi a, se pat fòs ponyèt yo ki te fè yo genyen batay la. Men, se te pouvwa ou ak fòs ponyèt pa ou ki te penmèt yo fè tou sa. Ou te la avèk yo pou ba yo kouray. Ou te fè tou sa paske ou renmen yo.
Epi ki lòt nasyon sou latè ki tankou pèp Ou a, Israël, ke Bondye te ale peye ranson pou Li menm kòm yon pèp, e pou fè yon non pou Li menm; pou fè yon gran bagay pou Ou ak bagay mèvèy pou peyi Ou a, devan pèp ke Ou te peye ranson pou kont Ou sòti an Égypte la, nan mitan nasyon yo, avèk dye pa yo.
Èske se pa Ou menm, O Bondye nou an, ki te chase tout sila ki te rete nan peyi sa a devan pèp Ou a, Israël pou bay li a desandan Abraham yo, zanmi Ou an, jis pou tout tan?
Poukisa ou nan dezespwa, O nanm mwen? Epi poukisa ou vin twouble anndan mwen? Mete espwa ou nan Bondye, paske m ap louwe Li ankò, O soutyen kè mwen an, e Bondye mwen an.
Poukisa, o nanm mwen, ou nan dezespwa? Epi poukisa ou twouble anndan m? Mete espwa ou nan Bondye, paske mwen va louwe Li ankò akoz sekou a prezans Li an.
Sezisman avèk laperèz vin tonbe sou yo. Pa pwisans bra Ou, yo vin san fòs tankou wòch; jis lè pèp Ou a vin janbe, O SENYÈ, Jis lè pèp ke Ou te ransone a vin janbe.
Sèl SENYÈ a te gen plezi pou mete sou zansèt nou yo afeksyon Li. Li te renmen yo, e Li te chwazi desandan yo apre yo, nou menm devan tout lòt pèp yo, jan li ye jodi a menm.
Josué te di: “Pa sa nou va konnen ke Bondye vivan an pami nou e ke Li va, anverite, deplase soti devan nou Kananeyen an, Etyen an, Evyen an, Ferezyen an, Gigazyen an, Amoreyen an ak Jebizyen an.