Alò SENYÈ a te wè ke mechanste lòm te gran sou latè, epi ke chak entansyon ak panse nan kè li te toujou vè lemal.
Sòm 24:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Sila ki gen men pwòp avèk yon kè ki san tach, ki pa leve nanm li vè sa ki fo, ni ki pa fè fo temwayaj. 1998 Haïtienne Se moun ki pa fè anyen ki mal, moun ki pa gen move lide nan tèt yo. Se moun ki pa nan bay manti, moun ki pa nan fè sèman pou twonpe moun. |
Alò SENYÈ a te wè ke mechanste lòm te gran sou latè, epi ke chak entansyon ak panse nan kè li te toujou vè lemal.
Malgre, moun dwat la va kenbe chemen li e sila ki gen men pwòp yo va vin pi fò e pi fò.
Kite mwen tande lanmou dous Ou a nan granmmaten, paske mwen mete konfyans mwen nan Ou. Enstwi mwen nan chemen ke m ta dwe mache a, paske se a Ou ke mwen leve nanm mwen.
nan zye a sila yon vagabon meprize a, men ki bay lonè a sila ki fè lakrent SENYÈ yo; li sèmante a pwòp pèt li, menm lè l fè l mal, e li pa chanje menm;
SENYÈ a te byen rekonpanse mwen selon ladwati mwen. Selon men m ki pwòp, Li fè m rekonpans.
Lave kè ou retire mal la, O Jérusalem, pou ou ka sove. Pou jiskilè panse mechan nou yo va rete anndan ou?
“Li pa manje nan lotèl mòn yo ni leve zye li a zidòl lakay Israël yo, ni souye ak madanm vwazen li,
pou l pa manje nan lotèl mòn yo, ni leve zye li vè zidòl lakay Israël yo, ni souye ak madanm vwazen li, ni pwoche yon fanm pandan lè règ li—
“Konsa, Mwen va vin kote nou pou jijman. Mwen va fè temwen byen rapid kont wangatè yo, kont moun adiltè yo, ak kont sila k ap fè fo temwayaj yo; kont sila k ap oprime ouvriye yo nan salè yo, vèv yo, òfelen yo, sila ki refize bay soutyen yo a etranje yo, ak sila ki pa gen lakrent Mwen yo,” pale SENYÈ, dèzame yo.
“Mesye yo, poukisa nou ap fè bagay sa yo? Nou menm tou se lòm, ki fèt menm jan ak nou. Nou pòte bòn nouvèl la a nou menm, pou nou kapab vire kite vye bagay sila yo pou vire vè Bondye vivan an ki te fè syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladann.
Konsa, paske nou gen pwomès sa yo byeneme, annou netwaye tèt nou de tout salte lachè ak lespri, e vin konplete lasentete nan lakrent Bondye.
Veye ke nou pa leve zye nou vè syèl la pou wè solèy la, lalin avèk zetwal yo, avèk tout lame syèl la, e mennen pou adore ak sèvi yo, sila ke SENYÈ a, Bondye nou an, te chwazi pou tout lòt pèp anba tout syèl la.
epi pou moun imoral ak moun k ap mennen vi gason ak gason, fanm ak fanm yo, e sila ki fè komès esklav ak mantè yo, e sila ki bay fo temwayaj ak tout lòt kalite bagay ki kontrè a bon doktrin yo,
Vin pre Bondye e Li va vin pre nou. Netwaye men nou, nou menm pechè; e pirifye kè nou, nou menm, moun ak doub panse.
P ap gen anyen ki pa pwòp. Moun ki pratike abominasyon ak manti p ap janm antre ladann, men sèlman sila ke non yoekri nan liv lavi a Jèn Mouton an.