Sòm 24 - Bib Sen An: Kreyòl AyisyenYon sòm David 1 Tè a se pou SENYÈ a, avèk tout sa ki ladann; lemonn avèk tout sila ki rete ladann yo. 2 Li te fonde li sou lanmè yo, e te etabli li sou rivyè yo. 3 Se kilès ki kab monte sou kolin SENYÈ a? Epi kilès ki kab kanpe nan lye sen pa Li an? 4 Sila ki gen men pwòp avèk yon kè ki san tach, ki pa leve nanm li vè sa ki fo, ni ki pa fè fo temwayaj. 5 Li va resevwa yon benediksyon soti nan SENYÈ a, ak ladwati soti nan Bondye delivrans li an. 6 Sa se jenerasyon a sila k ap chache Li yo, ka p chache figi Ou—menm Jacob. Tan 7 Leve wo lento ou yo, o pòtay yo! Leve wo, o pòt ansyen yo! Pou Wa glwa la kapab antre! 8 Se kilès ki Wa a glwa a? SENYÈ fò e pwisan an, SENYÈ a pwisan nan batay la. 9 Leve wo lento ou yo, O Pòtay yo! Leve wo, O pòt ansyen yo! Pou Wa glwa la kapab antre! 10 Se kilès ki Wa glwa a? SENYÈ dèzame yo! Se Li menm ki Wa glwa a. Tan. |
Copyright © 2017-2023 Ron Smith
eBible.org