Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 6:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Alò SENYÈ a te wè ke mechanste lòm te gran sou latè, epi ke chak entansyon ak panse nan kè li te toujou vè lemal.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Senyè a wè jan lèzòm t'ap vin pi mechan chak jou toupatou sou latè, kijan tout lasentjounen se move lide ase ki nan tèt yo.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 6:5
24 Referans Kwoze  

Alò, mesye Sodome yo te mechan anpil, e yo te fè peche depase kont SENYÈ a.


SENYÈ a te pran sant dous la. Konsa, SENYÈ a te di a Li menm: “Mwen p ap janm modi tè a ankò akoz lòm, paske lentansyon kè li se lemal depi li te jèn. Ni mwen p ap janm detwi ankò chak bagay vivan jan Mwen te fè a.


konbyen anmwens, yon moun ki degoutan e konwonpi; lòm ki bwè inikite kon dlo a!


Èske ou va kenbe ansyen chemen a, kote mesye mechan yo te mache,


Bondye te gade anba soti nan syèl la sou fis a lòm yo, pou wè si genyen youn ki gen bon konprann, ka p chache Bondye.


Yon kè ki divize plan mechan yo, pye ki kouri vit pou jwenn mal,


Men gade, se sèl sa mwen dekouvri; Bondye te fè lòm kanpe dwat, men yo chache anpil manèv pou vin koube.


Men yon mal nan tout sa ki konn fèt anba solèy la, ke gen menm desten an pou tout moun. Anplis, kè a fis a lòm yo plen mechanste, e foli rete nan kè yo pandan tout lavi yo. Apre, yo ale kote mò yo.


Kè lòm plen manti plis ke tout lòt yo. Nanpwen lasante ladann nan. Se kilès ki ka konprann li?


Lave kè ou retire mal la, O Jérusalem, pou ou ka sove. Pou jiskilè panse mechan nou yo va rete anndan ou?


Epi Li te di mwen: “Fis a lòm, èske ou wè sa ke ansyen lakay Israël yo ap komèt nan fènwa a, chak moun nan chanm a pwòp imaj taye li? Paske men ki sa y ap di: ‘SENYÈ a pa wè nou. SENYÈ a fin abandone peyi a.’”


Li te di mwen: “Antre ladann pou wè abominasyon mechan ke y ap komèt isit la.”


“Paske se nan kè move panse yo sòti; touye moun, adiltè, imoralite seksyèl, vòlè, fo temwen, tripotay.


“Paske vini a Fis a Lòm nan va menm jan avèk jou a Noé yo.


“Menm jan ke sa te rive nan tan Noé a, se konsa l ap ye nan jou Fis a Lòm yo.


Pou l ta rive ke lè li tande pawòl a madichon sila a, li vin ògeye, e di: ‘Mwen va gen lapè menmlè mwen mache avèk kè di, pou m detwi tè wouze ansanm ak tè sèk.’


Paske nou menm tou, yon fwa nou te ensanse, dezobeyisan twonpè, esklav a tout kalite move dezi ak plezi, e nou t ap pase lavi nou nan mechanste, lanvi, rayisman, nan rayi youn lòt.


Se yo menm ki avan te dezobeyisan yo, lè pasyans a Bondye te toujou ap tann nan jou a Noe yo, lè lach la t ap konstwi a. Se ladann kèk moun (sa vle di uit moun) te mennen rive sof nan dlo a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite