Sòm 23:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Bondye se bèje mwen; mwen p ap janm manke anyen. 1998 Haïtienne (1b) Senyè a se gadò mwen, mwen p'ap janm manke anyen. |
Men Li te mennen fè sòti pwòp pèp li a tankou mouton. Li te dirije yo nan dezè a tankou yon twoupo.
Konsa nou menm, pèp Ou a, ak mouton a patiraj Ou a, Va bay Ou remèsiman jis pou tout tan. A tout jenerasyon yo, nou va pale lwanj Ou.
Paske SENYÈ a, Bondye a, se yon solèy ak yon boukliye. SENYÈ a va bay gras avèk glwa. Li pa refize anyen ki bon a sila ki mache dwat yo.
Tankou yon bèje, Li va pran swen bann mouton Li. Nan bra Li, Li va ranmase jenn mouton yo, e pote yo sou lestonmak Li. Ak dousè, Li va mennen manma a ak ti mouton piti yo.
“Tande pawòl SENYÈ a, O nasyon yo! E deklare nan peyi kot byen lwen yo, epi di: ‘Sila ki te gaye Israël la, va ranmase li, e kenbe li kon yon bèje k ap gade bann mouton li.’
Mwen va bay yo manje nan yon bon patiraj e pak kote yo manje a, va sou wotè mòn Israël yo. Nan yon bon pak yo va kouche. Yo va manje sou patiraj rich nan mòn Israël yo.
Men ou menm, Bethléhem Éphrata, pi piti pami fanmi a Juda yo, nan ou va soti de Mwen Youn pou vin chèf an Israël. Lè pou L vin parèt la te etabli depi nan tan ansyen yo, jis rive nan jou etènite yo.
Konsa Li va leve pou mennen bann mouton Li an nan fòs SENYÈ a, nan majeste a non SENYÈ, Bondye Li a. Epi yo va viv, paske nan tan sa a, Li va pwisan jis rive nan dènye pwent latè.
Li menm ki pa t epagne pwòp Fis Li, men te livre Li pou nou tout, kijan Li ta refize bay nou tout bagay tou?
Epi Bondye mwen an va founi tout bezwen nou yo selon richès Li nan glwa nan Kris Jésus a.
Koulye a, ke Bondye lapè a, ki te fè leve nan lanmò a gran Pastè a brebi yo pa san akò etènèl la, menm Jésus, Senyè nou an,
Paske nou te toujou egare tankou mouton, men koulye a nou gen tan retounen a Bèje e Gadyen nanm nou an.
paske, Jèn Mouton an nan mitan twòn nan va bèje pa yo. Li va gide yo a sous dlo vivan yo, e Bondye va seche tout dlo ki sòti nan zye yo.”