Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Yon sòm David

1 Bondye se bèje mwen; mwen p ap janm manke anyen.

2 Li fè m kouche nan patiraj vèt yo. Li mennen m akote dlo pezib yo.

3 Li restore nanm mwen. Li gide mwen nan chemen ladwati yo, akoz non sen Li an.

4 Malgre mwen ta mache nan vale lonbraj lanmò a, mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m. Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.

5 Ou ranje yon tab devan mwen nan prezans lènmi mwen yo. Ou onksyone tèt mwen avèk lwil. Tas mwen fin debòde nèt.

6 Anverite, bonte Ou avèk lanmou dous Ou va swiv mwen pou tout jou lavi mwen yo, E mwen va viv lakay SENYÈ a jis pou tout tan.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite