Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 79 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Yon Sòm Asaph

1 O Bondye, nasyon yo te anvayi eritaj Ou a. Yo te souye sen tanp Ou an. Yo te fè Jérusalem kouche nan yon pil ranblè.

2 Yo te bay kadav sèvitè Ou yo kon manje pou zwazo syèl yo. Chè a fidèl Ou yo, yo fin bay a bèt latè yo.

3 Yo te vide san yo tankou dlo toupatou Jérusalem. Pa t genyen moun ki pou antere yo.

4 Nou gen tan vin yon repwòch pou vwazen nou yo, Yon rizib ak yon betiz pou sila ki antoure nou yo.

5 Jiskilè, O SENYÈ? Èske Ou va rete fache nèt? Èske jalouzi Ou va brile tankou dife tout tan?

6 Vide kòlè Ou sou nasyon ki pa rekonèt Ou yo, ak sou wayòm yo ki pa rele non Ou yo.

7 Paske yo te devore Jacob. Yo te devaste abitasyon Li an.

8 Pa sonje inikite a papa zansèt nou yo pou kenbe kont nou. Kite mizerikòd Ou vini vit rankontre nou, paske nou fin rive ba nèt.

9 Fè nou sekou, O Bondye sali nou an, pou glwa a non Ou. Delivre nou e padone peche nou yo, pou koz a non Ou.

10 Poukisa nasyon yo ta di: “Kote Bondye yo ye?” Kite li vin rekonèt pami nasyon yo devan zye nou, ke vanjans pou san sèvitè Ou yo ap vèse.

11 Kite vwa prizonyè k ap plenyen yo rive devan Ou. Selon grandè fòs Ou, prezève sila ki kondane a lamò.

12 Fè remet a vwazen nou yo, sèt fwa antre nan vant yo, repwòch avèk sila yo te repwoche Ou a, O SENYÈ.

13 Konsa nou menm, pèp Ou a, ak mouton a patiraj Ou a, Va bay Ou remèsiman jis pou tout tan. A tout jenerasyon yo, nou va pale lwanj Ou.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite