Sila ki gen men pwòp avèk yon kè ki san tach, ki pa leve nanm li vè sa ki fo, ni ki pa fè fo temwayaj.
Sòm 15:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Sila ki mache nan entegrite a e ki fè zèv ladwati yo; li ki pale verite a nan kè li a; 1998 Haïtienne Se moun ki fè volonte Bondye nan tout bagay, ki toujou fè sa ki byen. Se moun ki pale verite a jan l ye nan kè li, |
Sila ki gen men pwòp avèk yon kè ki san tach, ki pa leve nanm li vè sa ki fo, ni ki pa fè fo temwayaj.
Paske SENYÈ a, Bondye a, se yon solèy ak yon boukliye. SENYÈ a va bay gras avèk glwa. Li pa refize anyen ki bon a sila ki mache dwat yo.
Sila ki mache nan ladwati a e ki pale ak kè sensè a? Sila ki refize benefis lajan ki sòti nan enjistis la, e ki souke men l pou sa ki vèse anba tab pa rete nan yo; sila ki bouche zòrèy li pou l pa menm tande afè vèse san, e ki fèmen zye l pou l pa gade mal.
Paske Li te di: “Anverite, yo se pèp Mwen, fis ki p ap aji nan manti.” Pou sa, Li te devni Sovè yo.
Èske sa dwe pale, O Lakay Jacob? “Èske Lespri SENYÈ a pa an kolè? Èske bagay sa yo se zèv pa Li? Èske pawòl Mwen yo pa fè byen pou sila k ap mache dwat la?”
Yo te toude jis devan zye Bondye. Yo te mache san fot nan tout kòmandman ak devwa Senyè a.
men nan tout nasyon yo, sila a ki gen lakrent Li, e ki fè sa ki bon, byen resevwa devan Li menm.
Men laglwa, lonè ak lapè pou tout moun ki fè byen, premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la.
Men lè mwen te wè ke yo pa t mache dwat selon verite levanjil la, mwen te di a Céphas nan prezans a tout moun: “Si ou menm, kòm yon Jwif, viv kon pèp etranje yo e pa tankou Jwif, kòman ou ka fòse pèp etranje yo viv tankou Jwif?
Paske nou se èv Li, kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.
Pou sa, mete akote sa ki fo, e “pale verite a, nou chak avèk vwazen nou”, paske nou se manm a youn lòt.
Pa bay manti a youn lòt, akoz ke nou te mete sou kote ansyen moun nan avèk abitid mechan li yo,
ki pa lafwa, te fè konkèt wayòm yo, te fè zèv ladwati, te resevwa pwomès yo, e te fèmen bouch a lyon yo.
Si nou konnen ke Li dwat nèt, nou konnen osi ke tout moun ki pratike ladwati a se ne a Li.
Ti moun yo, pa kite pèsòn twonpe nou. Sila ki pratike ladwati a se jis, menm jan ke Li jis.
Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”