Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Jan 3:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Ti moun yo, pa kite pèsòn twonpe nou. Sila ki pratike ladwati a se jis, menm jan ke Li jis.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Pitit mwen yo, pa kite pèsonn twonpe nou. Moun ki fè sa ki dwat, se li ki dwat devan Bondye, menm jan ak Kris la ki dwat.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Pitit mwen yo, pa kite pyès moun twonpe nou, sila a k ap fè sa ki dwat, li menm tou, li dwat menm jan Pitit la dwat.

Gade chapit la Kopi




1 Jan 3:7
28 Referans Kwoze  

Si nou konnen ke Li dwat nèt, nou konnen osi ke tout moun ki pratike ladwati a se ne a Li.


Paske se pa sila ki tande Lalwa a ki jis devan Bondye, men se sila ki obeyi Lalwa a ki jistifye.


Epi tout moun ki gen espwa sa sou Li, vin pi li menm, menm jan ak Li.


Bagay sa yo mwen te ekri nou konsènan sa yo ki ta eseye pase nou nan desepsyon.


Pitit mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Si nenpòt peche nou gen yon avoka avèk Papa a, Jésus Kri sila ki dwat.


Ou te renmen ladwati e te rayi mechanste. Pou sa, Bondye, Bondye pa Ou a, te onksyone Ou avèk lwil lajwa plis ke moun parèy Ou yo.


men nan tout nasyon yo, sila a ki gen lakrent Li, e ki fè sa ki bon, byen resevwa devan Li menm.


Paske fwi a Limyè a se nan tout bonte, ladwati, ak verite,


A la beni sila ki kenbe jistis yo beni. Beni se sila ki pratike ladwati nan tout tan yo!


Epi Li menm te pote peche nou yo nan Kò Li sou kwa a, pou nou ta kapab mouri ak peche pou viv ak ladwati. Paske ak blesi Li yo, nou te geri.


Oubyen èske nou pa konnen ke moun enjis yo p ap eritye wayòm syèl la? Pa twonpe tèt nou; ni moun imoral yo, ni moun idolat yo, ni efemine yo, ni omoseksyèl yo


nan sentete ak ladwati devan Li, pandan tout jou nou yo.


Ou kwè ke Bondye se yon sèl. Ou fè byen. Demon yo kwè tou, e yo tranble.


Se pou nou vin ranpli nèt avèk fwi ladwati ki vini atravè Jésus Kri a, pou laglwa ak lwanj a Bondye.


Paske m ap di nou ke si ladwati nou pa depase sila a skrib avèk Farizyen yo, nou p ap janm antre nan wayòm syèl la.


Men, fè prèv tèt nou ke nou aji selon pawòl la, e se pa senpleman tande li. Moun konsa yo twonpe pwòp tèt yo.


a li menm osi Abraham te bay yon dim nan tout piyaj la, ki te dabò, nan tradwi non li, wa ladwati, e menm osi wa Salèm, ki vle di wa lapè.


Men a Fis la, Li di: “Twòn pa Ou a, O Bondye, se pou Tout tan e pou tout tan. E otorite san patipri a se otorite wayòm Li an.


Pa kite pèsòn twonpe nou avèk pawòl vid yo, paske akoz de bagay sa yo lakòlè Bondye vini sou fis ki pa obeyisan yo.


Ti moun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan verite.


Se konsa, lamou vin pèfekte avèk nou, pou nou kapab gen konfyans nan jou jijman an; akoz ke menm jan Li ye, nou menm tou se konsa nou ye nan lemonn sa.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite