Alò Senyè Bondye a te fòme lòm sòti nan pousyè tè a. Li te respire souf lavi fè l vin antre nan nen l, e lòm te devni yon nanm vivan.
Sòm 146:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Lespri li pa rete; li retounen nan tè a. Nan menm jou sa a, panse li yo vin peri. 1998 Haïtienne Kou souf yo koupe, yo tounen pousyè. Lamenm, tou sa yo te gen nan tèt yo disparèt. |
Alò Senyè Bondye a te fòme lòm sòti nan pousyè tè a. Li te respire souf lavi fè l vin antre nan nen l, e lòm te devni yon nanm vivan.
Avèk swè figi ou, ou va manje pen, jiskaske ou retounen nan tè a, paske ladann ou te sòti. Paske se pousyè ou ye, e se nan pousyè ou va retounen.”
“Gade byen, Mwen menm, Mwen ap mennen delij dlo sou latè pou detwi tout chè ki gen souf lavi ladann, depi anba syèl la. Tout bagay ki sou latè va peri.
Fis li yo vin resevwa lonè, men li menm pa konnen sa; oswa fis li yo vin pa anyen, men li pa apèsi sa.
Ou kache figi Ou, e yo chagren nèt. Ou retire lespri yo; yo mouri e yo retounen nan pousyè yo.
Paske konsa pousyè la va retounen nan tè a jan li te ye a, e lespri a va retounen kote Bondye ki te bay li a.
Anverite, lanmou yo, rayisman yo, ak fòs kouraj yo deja fin mouri, e yo pa gen pati ankò nan tout sa ki fèt anba solèy la.
Souf lè ki nan nen nou, nou menm ki onksyone de SENYÈ a, te vin kaptire nan twou fòs yo, de sila nou te konn di: “Anba lonbraj li, nou va viv pami nasyon yo”.
men ou te egzalte tèt ou kont Senyè syèl la. Konsa, yo te mennen veso lakay Li yo devan ou e ou menm ak prens ou yo, madanm ou yo, ak ti mennaj ou yo t ap bwè diven nan yo. Ou te bay lwanj a dye a ajan, lò, bwonz, fè, bwa, ak wòch yo, ki pa wè, tande, ni konprann. Men Bondye, nan men a Sila souf lavi ou ye a, pou Sila tout chemen ou yo ye a, ou pa t bay Li glwa.
Malgre sa, nou konn pale sajès pami sila ki gen tanfin grandi. Se yon sajès ki pa sòti ni nan tan sila a, ni nan chèf a tan sila yo, k ap pase.