3 Ou fè lòm retounen nan pousyè a, epi di: “Retounen, O pitit a lòm yo.”
3 Ou di moun se pou yo tounen sa yo te ye. Ou fè yo tounen pousyè ankò.
Avèk swè figi ou, ou va manje pen, jiskaske ou retounen nan tè a, paske ladann ou te sòti. Paske se pousyè ou ye, e se nan pousyè ou va retounen.”
Paske konsa pousyè la va retounen nan tè a jan li te ye a, e lespri a va retounen kote Bondye ki te bay li a.
Lespri li pa rete; li retounen nan tè a. Nan menm jou sa a, panse li yo vin peri.
Ou kache figi Ou, e yo chagren nèt. Ou retire lespri yo; yo mouri e yo retounen nan pousyè yo.
Nan men a Sila poze lavi a tout sa ki viv la, ansanm ak souf tout limanite a.
Mwen, SENYÈ a te pale. Se vrèman sa Mwen va fè a tout kongregasyon mechan sila ki rasanble kont Mwen an. Nan dezè sa a, yo va vin detwi, e la yo va mouri.”