Paske Bondye konnen ke nan jou nou manje nan li, zye nou va vin louvri, e nou va vin tankou Bondye, avèk konesans de sa ki bon ak sa ki mal.
Sòm 12:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen ki te di: “Avèk lang nou, nou va reyisi. Lèv nou se pou nou. Se kilès ki kab mèt sou nou?” 1998 Haïtienne (5) Y'ap plede di: — Nou pale jan nou vle. Bouch nou rele n pa nou. Ki moun ki pou pase nou lòd? |
Paske Bondye konnen ke nan jou nou manje nan li, zye nou va vin louvri, e nou va vin tankou Bondye, avèk konesans de sa ki bon ak sa ki mal.
Men Farawon te di: “Kilès SENYÈ a ye pou m ta obeyi vwa Li, pou kite Israël ale? Mwen pa konnen SENYÈ a, e anplis, mwen p ap kite Israël ale.”
Konsa yo te di: “Vini! Annou fè konplo kont Jérémie! Anverite, lalwa a p ap pral pèdi de prèt la, ni konsèy a saj yo, ni pawòl sen a pwofèt la! Vini, annou frape li ak kout lang, e pa okipe okenn nan pawòl li yo.”
O jenerasyon, koute byen a pawòl SENYÈ a. Èske Mwen te yon dezè pou Israël, oswa yon peyi fènwa byen pwès? Poukisa pèp Mwen an di: ‘Nou lib pou nou gaye toupatou. Nou p ap vin kote Ou ankò?’
Alò, si nou pare, nan moman nou tande son a twonpèt la, flit la, bandyo a, saltiyon an, gita a, kònmiz lan, ak tout lòt kalite enstriman mizik yo, pou nou pwostène e adore imaj ke mwen te fè a, se byen. Men, si nou pa adore, nou va byen vit jete nan yon founo dife byen cho. Epi ki dye ki genyen ki kapab delivre nou sòti nan men mwen?”
Li va opoze e egzalte tèt li pi wo pase tout kalite bagay yo rele Dye oubyen tout sa ki adore, pou li kapab pran plas li nan tanp Bondye a, e prezante tèt li kòm Bondye.