Pwovèb 8:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Paske, sajès pi bon ke bijou; epi tout pi bèl bagay yo p ap kab konpare avè l. 1998 Haïtienne Paske, mwen menm Bon Konprann, mwen pi bon pase boul lò. Pa gen anyen ou ta renmen genyen ki ka konpare avè m. |
Yo pi chè pase lò, wi, pase anpil lò fen. Yo pi dous pase myèl, pase siwo a ki tonbe nan gato myèl la.
Paske ki pwofi yon nonm ap twouve si li vin genyen tout lemonn, men li pèdi pwòp nanm li? Kisa yon nonm ap bay an echanj pou nanm li?
Ni li pa lòtbò lanmè a, pou nou ta di: ‘Kilès k ap travèse lanmè a, pou pran li pou nou e fè nou tande li, pou nou kapab swiv li.’