Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Pwovèb 16:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 A la bon li pi bon pou resevwa sajès pase lò! Pito nou jwenn bon konprann pase ajan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Pito ou gen bon konprann pase pou ou gen byen. Pito ou gen konesans pase ou gen lajan.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 16:16
13 Referans Kwoze  

Paske ki pwofi yon nonm ap twouve si li vin genyen tout lemonn, men li pèdi pwòp nanm li? Kisa yon nonm ap bay an echanj pou nanm li?


Fwi mwen pi bon ke lò, menm lò pi. Rannman mwen pi bon ke pi bèl ajan an.


Paske sajès se yon pwotèj, menm ke lajan se yon pwotèj la; men avantaj a bon konprann nan se ke sajès va prezève lavi a sila ki genyen l.


Men sa ki kòmansman sajès la: Ranmase sajès! Epi avèk sa ou rasanble a, chache bon konprann.


“Konsa se mesye la ki ranmase trezò li pou li menm, men ki pa rich anvè Bondye.”


Pou sa, mwen renmen kòmandman Ou yo, plis pase lò, wi plis pase lò fen.


Paske avantaj li pi bon ke avantaj ajan, e pwofi li pi bon ke lò fen.


Vin ranmase sajès! Ranmase bon konprann! Pa bliye, ni pa vire kite pawòl a bouch mwen yo.


si ou chache li kon ajan, e fè rechèch dèyè li kon trezò ki kache;


A la beni nonm ki twouve sajès, e nonm ki vin genyen bon konprann nan beni!


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite