Pwovèb 4:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Mwen te dirije ou nan chemen sajès la; mwen te kondwi ou nan pa ladwati yo. 1998 Haïtienne Mwen moutre ou jan pou ou viv ak bon konprann. Mwen fè ou konnen jan pou ou mache dwat. |
Alò, li te enstwi mwen e te di mwen: “Kite kè ou kenbe fèm a pawòl mwen; kenbe lòd mwen yo pou ou viv.
Koute mwen, paske mwen va pale gwo bagay. Lè lèv mwen louvri, y ap devwale bagay ki kòrèk.
Anplis akoz li te yon nonm saj, predikatè a te enstwi pèp la ak konesans. Wi, li te reflechi, chache twouve, e te aranje anpil pwovèb.
Li te di: “Ou menm ki ranpli ak desepsyon ak fwod, ou menm fis a dyab la, ou menm lènmi a tout ladwati, èske ou p ap janm sispann fè kwochi chemen dwat a Senyè a?
“Nou wè, mwen te enstwi nou règleman avèk jijman yo jis jan SENYÈ a, Bondye mwen an, te kòmande mwen an, pou nou ta fè konsa nan peyi kote nou ap antre pou posede a.