Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Pwovèb 8:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Yo byen dwat pou sila ki konprann nan, e kòrèk pou sila ki jwenn konesans lan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Yo klè pou moun ki gen bon konprann. Yo kòrèk pou moun ki gen konesans.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 8:9
17 Referans Kwoze  

Yon mokè chache sajès, e li pa jwenn anyen; men konesans fasil pou sila ki gen bon konprann nan.


Men si nenpòt nan nou manke sajès, kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li.


“Si nenpòt moun dakò pou fè volonte L, l ap konnen enstriksyon an, si Li sòti nan Bondye, oubyen si Mwen pale pou kont Mwen.


“Li ekri nan pwofèt yo: ‘E yo tout va enstwi pa Bondye.’ Tout sa yo ki te tande epi enstwi pa Papa a, ap vini a Mwen.


Wout lavi a mennen moun saj la anwo, pou l kab evite Sejou mò k ap tann li anba a.


Èske sa dwe pale, O Lakay Jacob? “Èske Lespri SENYÈ a pa an kolè? Èske bagay sa yo se zèv pa Li? Èske pawòl Mwen yo pa fè byen pou sila k ap mache dwat la?”


Yon gran chemen va la, yon gran ri. Li va rele Chemen Sen an. Sila ki pa pwòp p ap vwayaje sou li, men li va sèvi pou sila ki mache nan Chemen an. Moun mechan ak enpridan an pa p mache la.


Panse a sila ki gen bon konprann nan, ranmase konesans; anplis, zòrèy a saj la chache konesans.


Sajès se devan fas a sila ki gen bon konprann nan; men zye a moun ensanse yo chache jis rive nan tout pwent latè.


Lespri a moun entèlijan an chache konesans; men bouch a moun sòt la, manje foli.


A la beni nonm ki twouve sajès, e nonm ki vin genyen bon konprann nan beni!


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite