Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 4:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Tande, fis mwen an, vin dakò ak pawòl mwen yo, e lane lavi ou yo va vin byen long.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Koute sa m'ap di ou, pitit mwen. Pa bliye sa m'ap moutre ou la a, konsa w'a viv lontan.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 4:10
13 Referans Kwoze  

Souple, resevwa enstriksyon nan bouch Li e etabli pawòl Li yo nan kè ou.


Koute konsèy e aksepte disiplin pou ou kab vin saj pou tout rès vi ou.


Fis mwen an, si ou resevwa pawòl mwen yo, e gade kòmandman mwen yo nan kè ou,


Lavi ki long va trouve nan men dwat li. Nan men goch li se richès ak lonè.


paske konsa, longè jou, ane lavi ak lapè yo va vin ogmante sou ou.


Pran konsèy mwen olye ajan, e konesans olye pi chwa nan lò pi.


Alò tande byen pawòl SENYÈ a, O fanm yo. Kite zòrèy nou resevwa pawòl bouch Li. Montre fi nou yo jan pou yo fè dèy. Chak moun montre vwazen li yon chan lamante a.


jis pou jou nou yo avèk jou a fis nou yo kapab vin miltipliye nan peyi kote SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo pou bay yo, toutotan syèl yo ap rete sou tè a.


‘Onore papa nou avèk manman nou, jan SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an, pou jou nou yo kapab pwolonje, e pou sa kapab ale byen avèk nou nan peyi ke SENYÈ a bannou an.


pou nou menm avèk fis nou yo avèk pitit a fis nou yo kapab gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, pou kenbe tout règleman ak kòmandman Li yo, ke Mwen te kòmande nou, tout jou nan vi nou yo, e pou jou nou yo kapab pwolonje.


Pou rezon sa a, nou, tout tan, bay Bondye remèsiman ke lè nou te resevwa pawòl Bondye nou te tande de nou an, nou te aksepte li pa kòm yon pawòl a lòm, men pou sa li vrèman ye a, pawòl Bondye a, ki anplis fè travay li nan nou menm ki kwè yo.


Li se yon vrè pawòl, ki merite aksepte pa tout moun, ke Kris Jésus te vini nan mond lan pou sove pechè yo, pami sila yo, mwen menm se premye a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite