Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Pwovèb 8:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Mwen mache nan ladwati, nan mitan wout lajistis yo,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

20 Mwen fè moun mache dwat devan Bondye. Mwen fè yo mache yon jan pou yo pa fè moun lenjistis.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 8:20
18 Referans Kwoze  

“Pou sa, nou va swiv e fè ojis jan SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an. Nou pa pou vire ni adwat, ni agoch.


Mwen va enstwi ou e fè ou aprann chemen nan sila ou dwe ale a. Mwen va bay ou konsèy avèk zye M sou ou.


Konsa, anpil pèp va vini e yo va di: Vini, annou monte nan mòn SENYÈ a, lakay Bondye a Jacob la; pou L kab enstwi nou konsènan chemen Li yo, e pou nou kapab mache nan pa Li yo. Paske lalwa a va sòti fè parèt soti nan Sion, e pawòl Bondye a soti nan Jérusalem.


Lè ou mache toupatou, yo va gide ou. Lè ou dòmi, yo va veye sou ou. Epi lè ou leve, yo va pale avèk ou.


Nan tout chemen ou yo rekonèt Li; konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.


paske, Jèn Mouton an nan mitan twòn nan va bèje pa yo. Li va gide yo a sous dlo vivan yo, e Bondye va seche tout dlo ki sòti nan zye yo.”


Pou li menm, gadyen pòt la va ouvri, epi mouton yo tande vwa l. Li rele pwòp mouton li yo pa non yo, e mennen yo deyò.


Yo p ap grangou, ni soufri swaf, ni solèy ki brile p ap frape yo; Paske Sila ki gen konpasyon pou yo a va mennen yo e va gide yo rive nan sous dlo yo.


Li restore nanm mwen. Li gide mwen nan chemen ladwati yo, akoz non sen Li an.


Gade byen, Mwen te bay li kon yon temwen a pèp la, yon chèf ak kòmandè pou pèp la.


Konsa, ou va dekouvri ladwati ak jistis, e menm egalite avèk tout bon chemen yo.


Fwi mwen pi bon ke lò, menm lò pi. Rannman mwen pi bon ke pi bèl ajan an.


Pou m bay a sila ki renmen m, richès; pou m kab ranpli kès yo.


Akoz sa a, ou va mache nan chemen a sila ki bon yo, e swiv tras a moun ladwati yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite