Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Pwovèb 3:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Konsa, ou va twouve favè avèk bon repitasyon nan men Bondye a, ak moun.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Si ou fè sa, Bondye va kontan ak ou, lèzòm va nonmen non ou anbyen.

Gade chapit la



Pwovèb 3:4
14 Referans Kwoze  

Men SENYÈ a te avèk Joseph. Li te fè li gras, e Li te fè li vin gen favè nan zye a chèf prizon an.


Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès. Tout sila ki fè kòmandman Li yo gen bon konprann. Lwanj Li dire jis pou tout tan!


Yon bon moun va jwenn favè SENYÈ a; men Bondye va kondane sila ki fè manèv mechanste a.


Bon konprann pwodwi favè; men chemen moun ki pa fidèl la di.


Paske sila ki twouve mwen an, jwenn lavi e resevwa lonè devan SENYÈ a.


Alò, Bondye te bay Daniel favè ak gras devan zye a chèf ofisye yo.


Epi Jésus te kontinye grandi nan sajès, ak wotè, epi nan gras avèk Bondye e avèk lèzòm.


Yo t ap bay Bondye lwanj, e te gen bon relasyon avèk tout moun yo. Bondye te ogmante de jou an jou sila ki t ap sove yo.


Sila ki sèvi Kris konsa a akseptab a Bondye, e apwouve pa lèzòm.


Paske nou respekte sa ki onorab, non sèlman nan zye Senyè a, men osi nan zye lèzòm.


SENYÈ a te vizite Anne. Li te vin ansent e te bay nesans a twa fis ak de fi. Epi gason Samuel la te grandi devan SENYÈ a.


Alò, gason Samuel t ap grandi nan wotè ak nan favè avèk SENYÈ a e avèk tout moun.