Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 39:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Men SENYÈ a te avèk Joseph. Li te fè li gras, e Li te fè li vin gen favè nan zye a chèf prizon an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Men Senyè a te kanpe la avèk Jozèf. Li moutre l jan l te renmen l, li fè chèf prizon an gen Jozèf konfyans.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 39:21
23 Referans Kwoze  

Alò, li te vin rive nan tan sa a ke Abimélec avèk Picol, chèf lame li, te pale avèk Abraham. Li te di l: “Bondye avèk ou nan tout sa ou fè


SENYÈ a te avèk Joseph, e li te byen reyisi. Li te lakay mèt li, Ejipsyen an.


Alò mèt li a te wè ke SENYÈ a te avèk li, e ke li te fè tout sa li te antreprann byen reyisi nan men l.


Konsa, Joseph te twouve favè nan zye li, e li te devni sèvitè pèsonèl li. Li te fè li chèf an tèt tout lakay li, e tout sa ke li te posede, li te mete yo sou chaj li.


Alò li te sere yo nan prizon lakay Kaptenn a kò gad la, menm kote ke Joseph te anprizone a.


jiskaske pawòl li te vin acheve. Pawòl SENYÈ a te fè l kanpe janm.


pou mete prens li yo nan prizon lè l te pito, pou l te kab enstwi ansyen sa yo sajès.


Anplis, Li te fè yo resevwa mizerikòd Li, menm nan men a tout nasyon ki te fè yo prizonye yo.


SENYÈ a te bay pèp la favè nan zye Ejipsyen yo. Anplis nonm nan, Moïse te byen estime nan peyi Égypte la, ni nan zye sèvitè a Farawon yo, ni nan zye a moun yo.


Konsa, SENYÈ a te bay pèp la favè nan zye Ejipsyen yo, jiskaske yo te sede a demann sa a. Konsa, yo te vin piyaje Ejipsyen yo.


“Mwen va bay favè a pèp sa a devan zye Ejipsyen yo, e sa va fè ke lè nou prale, nou p ap soti men vid.


Lè chemen a yon nonm fè SENYÈ a kontan, l ap fè menm lènmi li yo vin anpè avè l.


Pa pè, paske Mwen avèk ou. Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou. Mwen va fòtifye ou. Anverite Mwen va bay ou sekou. Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati, men dwat Mwen.


Lè w ap pase nan gwo dlo yo, Mwen va la avèk ou; epi nan rivyè yo, yo p ap debòde sou ou. Lè w ap mache nan dife a, ou p ap brile, ni flanm nan p ap brile ou.


Alò, Bondye te bay Daniel favè ak gras devan zye a chèf ofisye yo.


Bondye mwen an te voye zanj li. Li te fèmen bouch a lyon yo e yo pa t fè m okenn mal, paske, mwen te twouve inosan devan l, e anplis, anvè ou menm, O wa a, mwen pa t fè okenn krim.”


Men, nan tout bagay, nou plis ke venkè atravè Sila a ki renmen nou an.


Paske li pi bon si Bondye ta vle sa, pou nou soufri pou fè sa ki bon pase pou fè sa ki mal.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite