Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Korent 8:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Paske nou respekte sa ki onorab, non sèlman nan zye Senyè a, men osi nan zye lèzòm.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 N'ap chache fè tout bagay pwòp, pa sèlman devan Bondye, men devan tout moun tou.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

21 Nou vle gen bon repitasyon devan Bondye ak devan lèzòm.

Gade chapit la Kopi




2 Korent 8:21
19 Referans Kwoze  

Epi li te di: “Ranpli kat po avèk dlo e vide li sou ofrann brile yo ak sou bwa a.” Epi li te di: “Fè l yon dezyèm fwa,” epi yo te fè l yon dezyèm fwa. Epi li te di: “Fè l yon twazyèm fwa,” epi yo te fè l yon twazyèm fwa.


Konsa, ou va twouve favè avèk bon repitasyon nan men Bondye a, ak moun.


“Men yo fè tout zak pa yo pou moun kapab wè. Yo agrandi filaktè pa yo (ti bwat ki pote woulo avèk Ekriti Sen yo ekri ladann) e fè ganiti (alonj ki fèt ak kòd) arebò vètman yo vin pi long.


Kite limyè nou an klere devan tout moun pou yo kapab wè bon zèv nou, e bay glwa a Papa nou ki nan syèl la.


“Veye pou nou pa pratike ladwati nou devan moun pou yo kapab wè nou. Si se konsa, nou p ap twouve okenn rekonpans nan men Papa nou ki nan syèl la.


ke lacharite nou kapab an sekrè, e Papa nou ki wè an sekrè a, ap bannou rekonpans.


Pa janm remèt mal pou mal a pèsòn. Respekte sa ki bon nan zye a tout moun.


Sila ki sèvi Kris konsa a akseptab a Bondye, e apwouve pa lèzòm.


Paske nou pa tankou anpil moun, k ap vann pawòl Bondye a. Men nan senserite, devan ze Bondye, nou pale nan Kris.


N ap pran prekosyon pou pèsòn pa vin denigre administrasyon nou nan kado jenewozite sila a.


Nou te voye avèk yo, frè nou an, ke nou souvan teste, e twouve zèl nan anpil bagay, men koulye a menm pi zele akoz de gran konfyans li nan nou menm.


Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo.


e evite tout kalite mal.


Li dwe gen bon repitasyon avèk sila ki deyò legliz yo, pou li pa tonbe nan repwòch ak pèlen Satan.


Konsa, mwen vle jèn vèv yo marye, fè pitit, okipe kay, pou pa bay lènmi an plas pou repwòch.


Kenbe kondwit nou pwòp pami pèp etranje yo, pouke nan bagay ke yo pale mal sou nou kòm malfektè yo, yo kapab akoz bon zèv nou, bay Bondye glwa, lè yo wè yo nan jou gran vizitasyon selès la.


Konsa, li te kouche nan pye li jis rive nan maten e te leve avan youn ta kab rekonèt lòt. Konsa, Boaz te di: “Pa kite li vin konnen ke fanm nan te vini nan glasi vannen an.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite