Pwovèb 28:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Sila ki agrandi richès li avèk enterè sou lajan, ranmase li pou sila k ap fè gras a malere a. 1998 Haïtienne Moun ki vin rich nan prete moun lajan, nan bay kout ponya, se anpile y'ap anpile lajan pou moun ki konn pran ka malere. |
Si ou prete lajan a pèp Mwen an, a malere yo pami nou yo, ou pa pou aji kòm kreditè anvè li. Ou pa pou mande frè enterè.
Yon bon moun va lese eritaj pou pitit pitit li; men richès a pechè yo konsève pou moun dwat yo.
Sila ki oprime malere a ap vekse Kreyatè li; men sila ki gen bonte anvè pòv la, onore L.
Tout frè a malere yo a rayi li; konbyen, anplis, pou zanmi l kouri kite l. L ale jwenn yo ak pawòl plede, men yo fin ale.
Paske a yon nonm ki bon nan zye Bondye, Li te bay sajès, konesans ak lajwa; men a pechè a, Li te bay tach ranmase ak rasanble pou li kab bay a sila ki bon nan zye Bondye a. Sa anplis se vanite ak kouri dèyè van.
te prete lajan sou enterè pou l pran benefis sou malere; èske l ap viv? Li p ap viv! Li te komèt tout abominasyon sila yo; anverite, li va mouri. San li va tonbe sou pwòp tèt li.
Li retire men li sou malere a, li pa egzije enterè, ni pwofi, men li fè règleman Mwen yo e mache nan lòd mwen yo; li p ap mouri pou inikite a papa li. Anverite, li va viv.
si li pa prete moun lajan ak enterè, ni pran plis, si li gade men l pou l pa fè inikite, e egzekite yon vrè jistis antre moun ak moun,