Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 19:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Tout frè a malere yo a rayi li; konbyen, anplis, pou zanmi l kouri kite l. L ale jwenn yo ak pawòl plede, men yo fin ale.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Lè ou pòv, ata frè ou pa vle wè ou. Ou pa bezwen mande si zanmi p'ap lage ou! Tout chache w'ap chache pale ak yo, yo pa okipe ou!

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 19:7
15 Referans Kwoze  

Pwòch mwen yo avèk zanmi mwen yo kanpe nan distans akoz touman m. Fanmi m yo kanpe byen lwen.


Sila ki chache lavi m yo, ap prepare pyèj yo pou mwen. Sila ki chache fè m donmaj yo ap fè menas destriksyon. Y ap manniganse trayizon tout lajounen.


Ou te retire renmen mwen ak zanmi m nan lwen m nèt, ak zanmi m yo, nan tenèb.


Ou te retire tout moun mwen konnen byen lwen m. Ou te fè m yon objè abominab devan yo. Mwen fèmen anndan nèt e mwen pa kab sòti.


Byen a moun rich se yon sitadèl pou li. Sa ki detwi malere a se mizè.


Malere a vin rayi menm pa vwazen li; men moun gwo kòb gen anpil zanmi.


Malere a pale: “Souple, fè m gras”; men moun rich la reponn byen di.


Richès fè zanmi ogmante anpil; men malere pèdi zanmi li yo.


Sila ki fèmen zòrèy li a kri aflije a, va vin kriye pou kont li, men li p ap jwenn repons.


Pa abandone pwòp zanmi ou, ni zanmi a papa ou. Pa ale lakay frè ou nan jou malè ou. Pi bon se yon vwazen toupre pase yon frè ki byen lwen.


Men nou te dezonore moun pòv la. Èske se pa rich yo ki oprime nou e mennen nou tout nan tribinal.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite