13 Li va gen mizerikòd sou malere a avèk endijan an. Konsa, lavi a pòv yo, li va sove.
13 L'a gen pitye pou pòv malere yo. L'a sove lavi tout moun ki nan bezwen.
Paske Li kanpe kote men dwat malere a pou sove li de men a sila ki jije nanm li yo.
“Mwen va chache sila ki pèdi yo, mennen fè retounen sila ki gaye yo, panse sila ki blese yo, e ranfòse sa ki te malad. Men sila ki gra ak gwo fòs yo, Mwen va detwi yo. Mwen va bay yo manje nan jistis.”’
“Veye pou nou pa meprize youn nan timoun sa yo, paske Mwen di nou ke zanj yo nan syèl la toujou wè figi a Papa M ki nan syèl la.
“Beni se sila yo ki malere an espri; paske wayòm syèl la se pou yo.