Pwovèb 26:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Èske ou wè yon moun ki saj nan pwòp zye li? Gen plis espwa pou moun fou pase li menm. 1998 Haïtienne Gen plis espwa pou yon moun ki san konprann pase pou yon moun ki mete nan tèt li li konprann. |
Èske ou wè yon nonm byen abil nan travay li? Li va kanpe devan wa yo; li p ap oblije kanpe devan nenpòt kalite vye moun.
Mesye rich la saj nan pwòp zye l; men malere ki gen bon konprann nan wè l jis li sonde l nèt.
Sila ki mete konfyans nan pwòp kè li a se yon moun fou; men sila ki mache ak sajès la va delivre.
Èske ou wè yon nonm ki pale vit san reflechi? Gen plis espwa pou moun fou a pase li menm.
Kilès nan de fis sa yo ki te fè volonte a papa l?” Yo te reponn: “Premye a”. Jésus te di yo: “Anverite, Mwen di nou ke kolektè kontribisyon yo avèk fanm movèz vi yo va antre nan wayòm syèl la avan nou menm.
“Farizyen an te kanpe e t ap priye konsa a li menm: ‘Bondye, mwen remèsye Ou ke mwen pa tankou lòt moun; twonpè yo, enjis yo, adiltè yo, oswa menm tankou kolektè kontribisyon sila a.
Lè Li vire vè fanm nan, Li te di Simon: “Èske ou wè fanm sa a? Mwen te antre lakay ou. Ou pa t ban M dlo pou pye Mwen, men li mouye pye M avèk dlo zye li, e li te siye yo avèk cheve li.
Jésus te reponn yo: “Si nou te avèg, nou pa t ap gen peche, men akoz ke nou di: ‘Nou wè’, peche nou la toujou.”
Kenbe menm panse a youn anvè lòt. Pa kite ògèy antre nan lespri nou, men toujou asosye nou avèk sa ki enb yo. Pa konprann ke se nou menm ki saj.
Paske nou di: “Mwen rich! Mwen gen tan ranmase yon fòtin, e mwen pa bezwen anyen”; men nou pa konnen ke nou se malere, mizerab, pòv, avèg, e toutouni.