Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 26:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Tankou yon chen ki retounen nan vomi li, se konsa yon moun ensanse kap repete foli li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Menm jan yon chen tounen vin manje sa li vonmi, se konsa moun san konprann yo ap toujou fè sa y'ap fè a.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 26:11
7 Referans Kwoze  

Men lè Farawon te vin wè sa te rezoud, li te fè kè di, e li pa t koute yo, jan SENYÈ a te di a.


“Yo te frape m, men mwen pa t santi anyen! Yo te bat mwen, men mwen pa t konnen sa! Lè m leve, m ap chache pou m kab bwè ankò.”


Tankou moun ak banza k ap blese tout moun, se konsa sila ki anplwaye moun ensanse a, ak sila ki anplwaye sila k ap pase pa aza a.


Malgre ou ta foule yon moun fou ak pilon jiskaske li fè poud, tankou sereyal byen kraze a, foli li p ap sòti sou li.


Paske tout tab yo plen ak salte vomisman an; pa menm gen yon kote ki pwòp.


Konsa l ale chache sèt lòt espri pi mal ke li. Yo antre la pou viv avè l, epi dènye eta a moun sa a pi mal pase premye a. Se konsa l ap ye avèk jenerasyon mechan sila a.”


Men sa ki vin rive a yo menm selon vrè pwovèb la: “Yon chen retounen a pwòp vomisman l” epi “gwo manman kochon an, lè l fin benye, li retounen woule kò l nan labou a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite